Skip to main content
Auto loan key terms (in Haitian Creole)

Mo pi enpòtan yo nan zafè prè pou achte machin

Valè Reyèl (ACV) (Actual Cash Value (ACV))

Valè Kach Reyèl la (ACV) se valè machin nan dapre sous endepandan tout moun rekonèt tankou National Automobile Dealers Association (Asosyasyon Nasyonal Konsesyonè Machin nan) oswa Kelley Blue Book .

Li plis (ann anglè)


Amòtisman (Amortization)

Amòtisman an dekri pwosesis fin peye prè pou achte machin ou an ofiyamezi. Nan yon prè amòtisab, pou chak peman ou fè nan yon mwa, gen yon pòsyon yo itilize pou peye montan prè a – kapital la – epi yo sèvi ak yon pòsyon nan peman an pou peye chaj finansye yo – enterè a.

Li plis (ann anglè)


To Enterè Anyèl (APR) (Annual Percentage Rate (APR))

To Enterè Anyèl la (APR) se depans ou fè chak ane pou prete lajan, sa gen ladan frè yo, ki eksprime sou fòm pousantaj. APR la se yon mezi pi jeneral depans ou fè pou prete lajan poutèt li reflete non sèlman to enterè a men frè ou gen pou peye yo pou jwenn prè a tou. Plis APR la wo, plis w ap peye pandan dire prè a.

APR ak to enterè yon prè pou achte machin se de (2) nan fason pi enpòtan yo pou mezire pri w ap peye a pou prete lajan an. Lwa federal sou Verite nan Prè a (TILA) egzije pretè yo pou yo aklè lè y ap ba ou kondisyon enpòtan yo, sa gen ladan APR la, anvan lalwa vin oblije ou pou w remèt prè a. Kòm tout pretè yo dwe bay APR la, ou ka sèvi ak APR la pou konpare prè pou achte machin yo. Annik verifye ke w ap konpare APR avèk APR men se pa avèk to enterè.


Benefisyè (Assignee)

Yon benefisyè se yon moun oswa yon konpayi ki achte prè pou achte machin ou an. Pa egzanp, yon konsesyonè ki ofri ou kredi gen dwa vann prè w lan bay yon bank, sa ki fè bank la vin benefisyè a. Se moun ki achte prè w la ou dwe lajan an. Benefisyè a gen dwa retansyon sou machin nan e li kapab sezi li si ou pa peye.


Pri debaz (Base price)

Pri debaz la se pri machin nan san opsyon.

Li plis (ann anglè)


To dacha (Buy rate)

To dacha a se yon estimasyon to enterè yon pretè posib ap bay konsesyonè ou a lè ou mande pou konsesyonè a fè aranjman pou finansman pou ou.

Li plis (ann anglè)


Kosiyatè (Co-signer)

Yon kosiyatè se yon moun—tankou yon paran, yon manm fanmi pwòch, oswa yon zanmi—ki pwomèt remèt prè a si ou pa fè l. Li kapab bon pou ni ou ni pretè w la. Kosiyatè a pran responsabilite total pou li remèt prè a. Lè ou gen yon kosiyatè sou prè w la sa bay pretè w la asirans prè a ap remèt. Si ou pa remèt prè w la, kosiyatè w la ap responsab remèt li menm si kosiyatè a pa t jan kondwi machin ou an. Si yo mande ou kosiyen yon prè, ou dwe konsidere ki konsekans l ap genyen sou finans ou.


Asirans kredi (Credit insurance)

Asirans kredi an se yon asirans ou pa oblije pran ki gen dwa fè peman pou machin nan bay pretè w la nan sèten sitiyasyon, tankou si ou mouri oswa vin andikape. Si w ap reflechi sou asirans kredi, ou dwe konprann kondisyon règleman y ap ofri w lan. Si ou deside ou bezwen asirans, gen dwa gen fason pi bon mache pou w jwenn pwoteksyon pase achte asirans kredi epi ajoute li nan prè pou achte machin ou an. Pa egzanp, asirans vi gen dwa mwen chè pase asirans vi kredi epi li gen dwa kite fanmi ou fin peye lòt depans anplis prè pou achte machin ou an.


Pwodwi pou anilasyon oswa sispansyon dèt (Debt cancellation or suspension products)

Gen konsesyonè epitou bank ak kès depay ki ofri pwodwi oswa asirans “anilasyon dèt” oswa “sispansyon dèt” sou diferan non. Pwodwi sa yo sanble asirans kredi nan fason yo fonksyone, men frè yo ak karakteristik yo gen dwa diferan.

Li plis (ann anglè)


Balans defisitè (Deficiency balance)

Si yo sezi epi vann machin ou an, ou gen dwa responsab peye diferans la ant montan ki rete nan prè w la (plis frè sezi yo) ak pri devant la. Yo rele sa “balans defisitè”.


Avalwa (Down payment)

Yon avalwa se yon premye peman davans ou fè sou pri total machin nan. Avalwa ou a ka kach, valè yon tredin, oswa toude. Plis avalwa ou a wo, mwens ou bezwen prete. Yon gwo avalwa gen dwa redui peman pa mwa w lan tou ak pri total finansman an.


Garanti pwolonje oswa kontra sèvis machin (Extended warranty or vehicle service contract)

Yon garanti pwolonje oswa kontra sèvis machin kouvri depans yo pou sèten kalite reparasyon, anplis garanti fabrikan an oswa lè garanti fabrikan an fini.

Li plis (ann anglè)


Depatman finans ak asirans la (Finance and insurance department)

Si w achte yon machin kay yon konsesyonè, vandè a gen dwa voye ou wè yon moun nan biwo finans ak asirans la (F&I) oswa nan biwo dafè a. Se pati kay konsesyonè a k ap vann kliyan yo prè ak diplis lè yo fin aksepte achte yon machin kay konsesyonè a.

Li plis (ann anglè)


Finansman ak to fiks (Fixed-rate financing)

Finansman ak to fiks vle di to enterè sou prè w la pa chanje pandan dire prè w la. Avèk yon to fiks, ou ka wè peman ou pou chak mwa ak total w ap peye a pandan dire yon prè. Ou ta ka pito finansman ak to fiks la si w ap chèche yon peman prè ki p ap chanje. Finansman ak to fiks la se yon kalite finansman. Yon lòt kalite se finansman ak to varyab.


Asirans pretè (Force-placed insurance)

Pou w jwenn prè pou achte machin, ou dwe gen asirans pou kouvri machin nan menm. Si ou pa arive jwenn asirans oswa si ou kite asirans ou a ekspire, kontra a nòmalman bay pretè a dwa pou li pran asirans pou kouvri machin nan. Asirans sa a rele “asirans pretè”.

Li plis (ann anglè)


Asirans Pwoteksyon Machin Garanti (GAP) (Guaranteed Auto Protection (GAP) insurance)

Asirans GAP la kouvri diferans la (oswa eka a) ant montan ou dwe sou prè pou achte machin ou an ak sa asirans ou a ap peye si yo vòlè machin ou an, li donmaje, oswa li kraze nèt. Ou pa oblije achte asirans sa a, men si ou deside ou vle li, fè konparezon. Pretè yo gen dwa gen diferan pri pou pwodwi sa a.


To enterè (Interest rate)

To enterè yon prè pou achte machin se pri ou peye chak ane a pou prete lajan, ki eksprime sou fòm pousantaj. To enterè a pa gen ladan frè yo fè ou peye pou prè a.

APR ak to enterè yon prè pou achte machin se de (2) nan fason pi enpòtan yo pou mezire pri w ap peye a pou prete lajan an. Lwa federal sou Verite nan Prè a (TILA) egzije pretè yo pou yo aklè lè y ap ba ou kondisyon enpòtan yo, sa gen ladan APR la, anvan lalwa vin oblije ou pou w remèt prè a. Kòm tout pretè yo dwe bay APR la, ou ka sèvi ak APR la pou konpare prè pou achte machin yo. Annik verifye ke w ap konpare APR avèk APR e pa avèk to enterè.


Echeyans oswa dire prè a (Loan term or duration)

Se dire prè pou achte machin ou an, ki jeneralman eksprime an mwa. Yon echeyans pi kout pou prè a (kote ou fè peman chak mwa pandan mwens mwa) ap redwi ri total prè w la. Yon prè pi long ka redwi peman chak mwa w lan, men w ap peye plis enterè sou dire prè a. Yon prè pi long ap fè ou riske tou pou w vin gen kapital negatif, ki se lè ou dwe plis sou machin nan pase sa machin nan vo.


Rapò prè-valè (Loan-to-value ratio)

Rapò prè-valè a (LTV) se valè lajan total prè w la divize pa valè kach reyèl (ACV) machin ou an. Yo nòmalman eksprime li an pousantaj. Akont ou an ap redui rapò prè-valè prè w lan.

Li plis (ann anglè)


Abitraj obligatwa (Mandatory binding arbitration)

Lè ou siyen yon kontra ki gen yon kondisyon abitraj obligatwa, ou dakò pou rezoud tout konfli sou kontra a devan yon abit k ap pran desizyon sou konfli an olye pou w ale nan tribinal. Ou gen dwa dakò renonse a lòt dwa tou, tankou kapasite ou pou w fè apèl desizyon an oswa pou w patisipe nan yon pwosè nan non yon gwoup moun.

Li plis (ann anglè)


Avantaj fabrikan yo (Manufacturer incentives)

Avantaj fabrikan yo se bon afè espesyal, tankou 0% finansman oswa ranbousman kach ou gen dwa wè nan reklam pou nouvo machin. Souvan, se pou sèten modèl sèlman yo ofri yo.

Li plis (ann anglè)




Pri Detay Fabrikan an Sijere (MSRP) (Manufacturer Suggested Retail Price (MSRP))

Pri Detay Fabrikan an Sijere a (MSRP) se pri konstriktè otomobil la – fabrikan an – sijere pou konsesyonè a mande pou machin nan.

Li plis (ann anglè)




Kapital negatif (Negative equity)

Si ou dwe plis sou prè pou achte machin ou genyen kounye a pase sa machin nan vo alòs ou gen yon kapital negatif. Sa vle di, si ou ta eseye vann machin ou an, ou pa t ap kapab jwenn sa ou deja dwe sou li an. Paregzanp, an nou di ou dwe $10,000 sou prè pou achte machin ou an epi machin ou an vo $8,000 kounye a. Sa vle di ou gen yon kapital negatif $2,000. W ap gen pou fin peye kapital negatif sa a si ou vle twoke machin ou an epi pran yon prè pou achte yon machin nèf.




Prè pou achte machin san verifikasyon kredi oswa “achte isit la, peye isit la” (No credit check or "buy here, pay here" auto loan)

Yon prè pou achte machin “san verifikasyon kredi” oswa “achte isit la, peye isit la”, se konsesyonè ki nòmalman finanse prè pou achte machin “sou plas” pou kliyan ki pa gen kredi oswa ki gen move kredi, ki ofri li.

Li plis (ann anglè)


Kapital (Principal)

Kapital la se lajan ou te dakò remèt la nan kòmansman.

Jeneralman, tout peman ou fè sou yon prè pou achte machin ap sèvi toudabò pou peye frè ou dwe yo (paregzanp, frè reta). Apre sa, lajan ki rete nan peman w lan ap sèvi pou peye tout enterè ou dwe, sa gen ladan enterè w ap peye an reta, si genyen. Apre sa rès peman w lan ap sèvi pou peye balans kapital prè w lan.


Pri baze sou risk (Risk-based pricing)

Pri baze sou risk se lè pretè yo ofri diferan kliyan diferan to enterè oswa lòt kondisyon prè, baze sou risk yo estime ki genyen pou kliyan yo pa remèt lajan yo prete a.

Li plis (ann anglè)


Pri total (Total cost)

Se kantite ou pral peye pou achte machin ou, sa gen ladan kapital, enterè, ak tout akont oswa tredin, pandan dire prè a.


Deklarasyon Verite nan Prè (Truth in Lending disclosure)

Lwa federal sou Verite nan Prè a (oswa “TILA” pou pi kout)—egzije pou moun ki mande prè a resevwa deklarasyon ekri sou kondisyon kredi enpòtan anvan lalwa oblije yo peye prè a. Aprann plis sou enfòmasyon ki nan deklarasyon TILA w lan ak sou ki lè ou dwe resevwa l epi li l.


Finansman ak to varyab (Variable-rate financing)

Finansman ak to varyab se lè to enterè prè w lan ka chanje, baze sou to preferansyèl la oswa sou yon lòt to ki rele “endèks”. Avèk yon prè ak to varyab, to enterè a sou prè a ap chanje amezi to endèks la ap chanje, sa ki vle di li ka monte oubyen desann. Poutèt to enterè w lan ka monte, peman pa mwa w lan ka monte tou. Plis echeyans prè a long, plis yon prè ak to varyab ka gen risk pou yon moun ki mande prè, poutèt to yo gen plis tan pou yo monte. Finansman ak to varyab la se yon kalite finansman. Yon lòt kalite se finansman ak to fiks.


Asirans nan Enterè Machann nan Sèlman (VSI) (Vendor's Single Interest (VSI) insurance)

Asirans VSI la pwoteje pretè a, menm pa ou, nan ka machin nan ta donmaje oswa kraze nèt.

Li plis (ann anglè)