Skip to main content

Kisa k ap tann Wells Fargo ak kliyan li yo

Dènyèman, CFPB te pran mezi kont Wells Fargo Bank akòz li te vyole lwa federal sou pwoteksyon konsomatè yo ki aplike pou pwodwi finansye, sa gen ladan prè pou achte machin, prè pou achte kay, ak kont labank. Wells Fargo oblije peye kliyan li te fè ditò yo plis pase $2 milya, plis $1.7 milya amann ki prale nan fon pou reparasyon pou viktim yo.

Yon fanmi ameriken sou twa se yon kliyan Wells Fargo ki se viktim kilti antrepriz li an ak pratik komèsyal li yo. Si ou gen yon kont Wells Fargo, men enfòmasyon pou ede ou konprann si wi ou non yo te fè ou ditò, kijan y ap distribye peman yo, ak kisa ankò pou w veye.

Se kliyan twa kalite kont yo te fè ditò

Gen plis pase 16 milyon kont nan Wells Fargo ki te sijè pratik ilegal yo, sa gen ladan peman yo te mal itilize, kay yo te sezi san jistifikasyon, ak frè ak enterè enkòrèk.

Kliyan prè pou achte machin yo

  • Gen moun ki te pran prè pou achte machin ki te peye davans pou asirans GAP, ki asire montan ou dwe sou yon prè pou achte machin si ou fè aksidan oswa si yo vòlè machin ou. Wells Fargo te aji yon fason enjis akòz li pa t ranbouse lajan an lè prè a te fini bonè—paregzanp, si li te fin peye anvan echeyans la.
  • Gen peman prè pou achte machin sèten kliyan li pa t itilize kòrèkteman pou balans yo, sa ki te lakòz peman enterè pi wo, frè reta, ak sezi machin san jistifikasyon.
  • Gen sezi machin li te mal jere tou, sa gen ladan jan machin yo te vann apre sezi an.

Moun ki te pran prè pou achte kay yo

  • Gen moun ki te pran prè pou achte kay yo te rejte yon fason enjis lè yo te mande modifikasyon nan prè yo a pou evite yo sezi kay yo. Yo te fè yo peye frè ak lòt depans enkòrèk tou.
  • Wells Fargo te mal rapòte sèten kliyan kòm moun ki mouri, li te egzajere frè avoka ki te vle di te gen demann yo te rejte olye de apwouve, e li te entante plizyè milye aksyon pou sezi kay san jistifikasyon.

Moun ki te gen kont labank

  • Gen kliyan yo te fè peye yon fason enjis frè dekouvè sipriz sou acha debi ak retrè nan ATM, menm lè yo te gen kont lajan nan kont yo nan moman tranzaksyon an.
  • Gen kliyan yo te fè peye frè chak mwa lè sa pa t dwe fèt. Wells Fargo te di nan reklam li pa t gen frè si yon kliyan te fè “omwen 10 acha ak/oswa peman sou kat debi” nan yon mwa, men bank la te limite kalite peman ki te kalifye yo e li pa t konte tranzaksyon debi ki te anrejistre plizyè jou apre.
  • Yo te “jele” yon fason enjis lajan sèten kliyan pandan plizyè semèn si Wells Fargo te sispèk yon sèl depo se te fwòd.

Peman kliyan Wells Fargo te fè ditò yo

Mezi pou fè respekte lalwa CFPB pran kont Wells Fargo a egzije pou li peye kliyan li te fè ditò yo ant 2011 ak 2022 yo plis pase $2 milya.

Wells Fargo oblije gen yon plan pou chak nan vyolasyon ki nan lòd la, e nou pral sipèvize ranbousman y ap bay kliyan yo. Si ou kalifye pou resevwa lajan, konpayi an oblije fè ou konn sa. Ou pa bezwen fè anyen pou resevwa peman w lan. Gen kliyan ki deja resevwa peman yo.

Si ou panse ou kalifye pou peman epi ou poko resevwa li, ou dwe kòmanse pa kontakte Wells Fargo nan 844-484-5089, depi nan lendi jiska vandredi apati de 9:00 a.m. jiska 6:00 p.m. lè lès. Si sa pa rezoud pwoblèm nan, ou ka pote plent ba nou sou entènèt.

Montan peman an varye. Pou machin yo te sezi, yo ta ka ranbouse ou omwen $4,000. Wells Fargo pral peye apeprè 3,200 kliyan ki te gen pwoblèm travay ak konpayi an pou modifye peman prè yo pou evite yo sezi kay yo $77.2 milyon dola tou.

Atansyon eskwokri nan zafè peman

Si gen yon moun ki deklare li ka fè ou jwenn dedomajman oswa k ap mande ou lajan davans, se eskwokri. Si sa rive ou, tanpri kontakte CFPB touswit: (855) 411-2372, 8 a.m. jiska 8 p.m. lè lès, depi nan lendi jiska vandredi.

CFPB pa janm egzije pou w peye lajan pou resevwa peman reparasyon. Nou pa janm mande ni enfòmasyon kont ou ni done pèsonèl ou pou nou voye peman pou ou, oswa anvan pou w kapab touche yon chèk nou emèt.

Kisa pou w fè si Wells Fargo oswa yon lòt konpayi finansye trete ou yon fason enjis

Si ou gen pwoblèm ak yon enstitisyon finansye, kòmanse pa eseye rezoud li dirèkteman avèk konpayi an. Li ka jeneralman reponn kesyon ki gen pou wè espesyalman ak sitiyasyon w lan ak pwodwi ak sèvis yo ofri yo.

Si sa pa rezoud pwoblèm nan, ou ka depoze plent devan CFPB sou entènèt oswa nan nimewo telefòn (855) 411-CFPB (2372). N ap transfere plent ou a bay konpayi an epi travay pou jwenn repons pou ou. Pifò konpayi yo reponn plent yo anvan 15 jou.

Epi si ou temwen sa ki se petèt move kondwit kòm anplwaye oswa ansyen anplwaye nan yon konpayi finansye, ou ka voye yon imèl pou whistleblower@cfpb.gov. Nou li tout mesaj nou resevwa yo.

Join the conversation. Follow CFPB on Twitter and Facebook .