Skip to main content
Debt collection key terms (in Haitian Creole)

Mo pi enpòtan yo nan zafè rekouvreman dèt

Konseye nan zafè kredi (Credit counselor)

Konseye nan zafè kredi yo ka ede nan bagay sa yo:

  • Ba ou konsèy pou jere lajan ak dèt ou
  • Ede ou elabore yon bidjè
  • Yo nòmalman ofri dokiman ak atelye edikatif gratis
  • Abityèlman, konseye nan zafè kredi yo sètifye ak fòme nan domèn kredi konsomatè, jesyon lajan ak dèt, ak bidjè. Konseye yo ap fè chita pale avè w sou sitiyasyon finansye w la annantye, epi y ap ede ou elabore yon plan pèsonalize pou rezoud pwoblèm lajan ou yo. 


Règ rekouvreman dèt (Debt Collection Rule)

CFPB te pibliye “règ” ki an vigè depi 30 novanm 2021 ki eksplike pi klè ak entèprete Lwa federal sou Pratik Rekouvreman Dèt San Patipri FDCPA).

Li plis (ann anglè) 


Pèseptè dèt (Debt collector)

Dapre Lwa federal sou Pratik Rekouvreman Dèt San Patipri an, yon pèseptè dèt se jeneralman yon moun oswa yon konpayi ki regilyèman kolekte dèt yon moun dwe yon lòt moun, nòmalman lè dèt sa yo pa peye.

Pami pèseptè dèt yo gen ajans rekouvreman oswa avoka ki kolekte dèt nan kad biznis yo. Epitou gen konpayi ki achte dèt ki pa peye nan men kreyansye oswa lòt biznis epi k ap eseye kolekte yo. Yo rele pèseptè dèt sa yo tou ajans rekouvreman dèt, konpayi rekouvreman dèt, oswa achtè dèt. 


Sèvis règleman (sekou pou) dèt (Debt settlement (relief) services)

Konpayi règleman dèt yo se konpayi ki di yo ka renegosye, regle, oswa yon sèten fason chanje kondisyon dèt yon moun anvè yon kreyansye oswa pèseptè dèt. Lè w annafè ak konpayi règleman dèt sa ka gen risk ladan.

Li plis (ann anglè) 


Lwa sou Pratik Rekouvreman Dèt San Patipri FDCPA) (Fair Debt Collection Practices Act (FDCPA))

Lwa sou Pratik Rekouvreman Dèt San Patipri an (FDCPA) se lwa federal prensipal ki kontwole pratik rekouvreman dèt yo. FDCPA a entèdi pou konpayi rekouvreman dèt yo sèvi ak pratik abizan, enjis oswa twonpè pou kolekte dèt nan men ou. Li plis (ann anglè) enfòmasyon sou dwa ou yo dapre FDCPA a. 


Sezi (Garnishment)

Yon sezi salè oswa kont labank se lè yon kreyansye pran yon pòsyon nan chèk salè ou oswa lajan nan kont labank ou pou kolekte lajan ou dwe. Sezi nòmalman bezwen yon lòd tribinal yo bay nan kad yon jijman. Men, gen sèten dèt ou dwe gouvènman an ki gen dwa lakòz sezi tou, menm san jijman.

Lwa eta ak federal yo gen limit oswa “egzansyon” ki valab pou sezi kont labank ak salè, abityèlman pou w ka rete yon ti bagay pou viv. Se yon vyolasyon Lwa sou Pratik Rekouvreman Dèt san Patipri an (FDCPA) tou lè yon pèseptè dèt menase ou dèske y ap sezi salè ou si yo pa ka sezi salè ou legalman. 


Lè yon pèseptè dèt ap tizonnen ou (Harassment by a debt collector)

Lwa sou Pratik Rekouvreman Dèt San Patipri an (FDCPA) di pèseptè dèt yo pa kapab ni tizonnen, ni peze kou, ni abize ni ou ni pèsonn lòt yo kontakte.

Yon pèseptè dèt ka tizonnen sou diferan fòm. Kòm egzanp gen koutfil repete ki fèt pou anmède, abize, oswa tizonnen ou oswa nenpòt ki moun ki reponn telefòn nan; langaj obsèn oswa jouman; menas vyolans oswa move tretman; piblikasyon lis moun ki refize peye dèt yo (sa pa gen ladan rapòte enfòmasyon bay konpayi rapò kredi); epi rele ou san yo pa di ou kiyès yo ye. 


Jijman (Judgment)

Yon jijman se rezilta ofisyèl yon pwosè nan tribinal. Nan pwosè rekouvreman dèt, jij la gen dwa akòde kreyansye a oswa pèseptè dèt la yon jijman kont ou. Si ou pa reponn yon plent devan lajistis, w ap pèdi chans ou pou w defann tèt ou epi jijman an gen dwa fèt kont ou.

Si yon moun asiyen ou, oswa si yon moun jwenn yon jijman kont ou epi ou pa fin sèten sa pou w fè, pale ak yon avoka. Gen avoka ki gen dwa ofri sèvis gratis oswa mande yon frè redui. Gen dwa gen biwo èd jiridik tou oswa klinik jiridik nan zòn ou an k ap ofri sèvis yo gratis si ou respekte sèten kondisyon. Militè yo dwe konsilte biwo JAG ki pi pre yo a


Mesaj ki gen Kontni Limite (Limited-Content Message)

Dapre Règ Rekouvreman Dèt la, se yon mesaj vokal pou yon konsomatè ki dwe gen sèten enfòmasyon obligatwa e ki gen dwa gen lòt kontni ki pa obligatwa.

Li plis (ann anglè) 


Premye kreyansye a (Original creditor)

An jeneral, premye kreyansye a se konpayi ki te ba ou prè a oswa kredi an. Yon premye kreyansye gen dwa eseye kolekte yon kont kredi ki pa peye li menm, oswa li gen dwa anboche yon pèseptè dèt. Premye kreyansye a gen dwa vann yon pèseptè dèt kont kredi w lan. Yon pèseptè dèt se jeneralman yon tyès pati yo anboche espesyalman pou kolekte sou kont ou, oswa yon moun ki achte li nan men premye kreyansye a oswa yon lòt pèseptè dèt oswa achtè dèt. 


Delè pou rele moun devan lajistis (Statute of limitations)

Delè pou rele moun devan lajistis la se peryòd limite kreyansye yo oswa pèseptè dèt yo genyen pou entante pwosè pou kolekte yon dèt. Pifò delè pou rele lajistis yo tonbe nan entèval twa a sis ane a, men nan kèk jiridiksyon yo gen dwa pi long. Delè pou rele moun devan lajistis yo gen dwa varye dapre lwa eta a, kalite dèt ou genyen an, oswa lwa eta yo nonmen nan kontra kredi w lan. 


Nòt Validasyon (Validation Notice)

Yon pèseptè dèt oblije bay sèten enfòmasyon lè l ap kominike ak yon konsomatè pou premye fwa, oswa touswit apre sa. Lè pèseptè dèt la ba ou enfòmasyon obligatwa sa yo elektwonikman oswa alekri, yo rele sa nòt validasyon