Skip to main content
Credit reports and scores key terms (in Haitian Creole)

Mo pi enpòtan yo nan zafè rapò ak nòt kredi

Ankèt sou kredi (Credit inquiry)

Yon ankèt sou kredi se yon demann gade dosye kredi ou, epi li jeneralman tonbe nan youn nan de (2) kalite.

Li plis (ann anglè)


Envizib nan zafè kredi (Credit invisible)

An 2015, nou te pibliye yon rapò ki te jwenn gen 26 milyon Ameriken ki “envizib nan zafè kredi”. Chif sa a endike gen youn sou chak dis granmoun ki pa gen antesedan nan zafè kredi nan okenn nan twa konpayi evalyasyon kredi peyi an. Gen 19 milyon lòt konsomatè ki gen dosye kredi “yo pa ka evalye”, sa ki vle di dosye yo fèb e pa gen ase antesedan nan zafè kredi (9.9 milyon) oswa yo gen dosye rans ki manke antesedan resan nan zafè kredi (9.6 milyon). Ototal, gen 45 milyon konsomatè yo gen dwa refize bay kredi poutèt yo pa gen rapò sou kredi ki kapab evalye. Moun ki envizib nan zafè kredi oswa ke yo pa ka evalye jeneralman pa ka jwenn kredi bon kalite epi yo gen dwa fè fas a yon seri pwoblèm, depi nan eseye jwenn kredi rive nan lwe apatman.


Sèvis siveyans kredi (Credit monitoring service)

Yon sèvis siveyans kredi se yon sèvis komèsyal ki fè ou peye yon frè pou siveye rapò kredi ou yo epi avèti ou si gen chanjman nan kont ki sou rapò kredi w lan.

Li plis (ann anglè)


Rapò kredi (Credit report)

Yon rapò kredi se yon relve ki gen enfòmasyon sou aktivite kredi ou ak sitiyasyon kredi ou kounye a tankou abitid ou nan remèt prè ak sitiyasyon kont kredi ou yo.


Konpayi rapò kredi (Credit reporting company)

Konpayi rapò kredi yo, yo rele yo tou ajans evalyasyon kredi oswa ajans ransèyman sou konsomatè, se konpayi ki rasanble epi vann rapò kredi.


Nòt kredi (Credit score)

Yon nòt kredi predi chans ou pou w remèt yon prè alè. Konpayi yo sèvi ak yon fòmil matematik—yo rele li modèl pwentaj—pou kreye nòt kredi ou apati de enfòmasyon ki nan rapò kredi w lan. Li enpòtan pou w konnen ou pa gen “yon sèl” nòt kredi e gen anpil nòt kredi ki disponib pou ou ak pou pretè yo. Chak nòt kredi depann de done yo itilize yo pou kalkile li, epi li gen dwa diferan selon modèl pwentaj la, sous antesedan ou nan zafè kredi, kalite pwodwiprè a, epi menm jou yo te kalkile li an.


Lwa sou Rapò Kredi San Patipri (Fair Credit Reporting Act)

Lwa federal sou Rapò Kredi San Patipri an (FCRA) favorize enfòmasyon kòrèk, san patipri, ak konfidansyèl nan dosye ajans ransèyman sou konsomatè yo. Gen plizyè kalite ajans ransèyman sou konsomatè, sa gen ladan ajans evalyasyon kredi ak ajans espesyalize (tankou ajans ki vann enfòmasyon sou abitid nan ekri chèk, dosye medikal, ak dosye sou abitid nan zafè lokasyon). Jwenn plis enfòmasyon sou dwa prensipal ou yo dapre FCRA a .


Nòt FICO (FICO score)

Yon nòt FICO® se yon mak nòt kredi an patikilye.

Li plis (ann anglè)


Alèt fwòd (Fraud alert)

Yon alèt fwòd egzije pou kreyansye yo gade rapò kredi ou pou pran mezi pou verifye idantite ou anvan yo kite ou ouvè yon nouvo kont, resevwa yon nouvo kat, oswa ogmante limit kredi ou sou yon kont ou te deja genyen baze sou yon demann ou fè kòm konsomatè. Lè ou mete yon alèt fwòd sou rapò kredi ou nan youn nan konpayi rapò kredi peyi an, li dwe mete lòt yo okouran. Gen de (2) kalite alèt fwòd prensipal: alèt fwòd inisyal ak alèt pwolonje.


Siveyans idantite oswa pwoteksyon kont vòl idantite (Identity monitoring or identity theft proection)

Sèvis pwoteksyon kont vòl idantite yo siveye enfòmasyon ki pèmèt idantifye moun nan demann kredi, dosye piblik, sit entènèt, ak lòt kote pou wè si gen aktivite ki pa nòmal ki ta ka endike vòl idantite.

Li plis (ann anglè)


Vòl idantite (Identity theft)

Gen vòl idantite lè yon moun vòlè idantite ou pou komèt fwòd. Vòlè idantite ou ta ka vle di sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ou san otorizasyon ou, tankou:

  • Non ou
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou
  • Nimewo kat kredi ou


Alèt pou militè ki nan sèvis aktif (Military active duty alert)

Militè yo (tankou manm Marin, Lame, Lamarin, Fòs Ayeryèn, ak Gadkòt) ka mande yon alèt sèvis aktif. Lè ou mete yon alèt sèvis aktif sou rapò kredi ou, kreyansye yo dwe pran mezi rezonab pou verifye moun k ap fè demann nan se ou toutbon anvan yo kite ou ouvè yon nouvo kont, resevwa yon nouvo kat kredi pou yon kont ou te deja genyen, oswa ogmante limit kredi ou sou kont ou te deja genyen an. Alèt sèvis aktif yo dire 12 mwa. Y ap wete non ou tou nan lis maketin preseleksyone konpayi rapò kredi yo toupatou peyi an pou òf kredi ak asirans pandan de (2) ane.


Rekouvreman ki peye (Paid collection)

Yon rekouvreman ki peye se yon kont ki t ale nan rekouvreman poutèt li pa t peye epi apre sa yo te peye li.

Li plis (ann anglè)


Entèdiksyon sekirite (Security freeze)

Yon “entèdiksyon aksè a rapò kredi” sou rapò kredi ou anpeche pou nouvo kreyansye ale nan dosye kredi ou epi pou lòt moun ouvè kont sou non ou, jiskaske ou leve entèdiksyon an. Poutèt pifò biznis yo p ap ouvè kont kredi san yo pa verifye rapò kredi ou, yon entèdiksyon ka anpeche vòlè idantite ouvè nouvo kont sou non ou.


Konpayi ransèyman sou konsomatè espesyalize (Specialty consumer reporting company)

Konpayi ransèyman sou konsomatè espesyalize yo ranmase epi bay enfòmasyon sou antesedan ou nan zafè travay, antesedan tranzaksyon ou avèk yon biznis oswa abitid ou nan remèt prè pou yon pwodui oswa sèvis an patikilye.


Rapò evalyasyon lokatè (Tenant screening report)

Yon rapò mèt kay yo itilize pou ede yo pran desizyon sou lokatè posib. Yon rapò evalyasyon lokatè gen dwa gen ladan enfòmasyon ki soti nan plizyè sous, sa gen ladan antesedan ou nan zafè lokasyon ak rapò kredi ou.

Li plis (ann anglè)


Dosye kredi fèb / Absans dosye kredi (Thin credit file / No credit file)

Yon dosye kredi fèb oswa yon absans dosye kredi vle di yon moun pa gen anteseda nan zafè kredi oswa li pa gen ase antesedan nan zafè kredi kounye a pou pwodui yon nòt kredi. Gade: Envizib nan zafè kredi