Skip to main content

Ou dwe konnen ki dwa ak pwoteksyon ou genyen nan sa ki gen pou wè avèk bòdwo medikal ak rekouvreman

Bòdwo medikal ak rekouvreman ka frape moun ki deja ap lite ak yon kriz sante. Si sa sanble ou oswa yon moun ou renmen, gen èd disponib. Nou kanpe avè w pou yo ka trete ou san paspouki. Men kèk prekosyon ou ka pran.

Verifye ke bòdwo ou yo kòrèk

Nan zafè bòdwo medikal, ou ka pran nan mitan pwofesyonèl medikal ou yo ak konpayi asirans ou an nan yon espas ki pa klè k’ap twouble ou. Se kapab yon travay detektiv a plentan pou konprann depans yo pou diferan entèvansyon ak sa asirans lan kouvri ak pa kouvri. Pwoblèm nan kapab miltipliye si ou te resevwa swen medikal nan men plizyè pwofesyonèl.

Men, gen bagay ou ka fè pou eseye verifye ke bòdwo w lan kòrèk, e si pèseptè dèt yo kontakte ou, ke yo p’ap eseye ankese bòdwo ki pa kòrèk oswa vyole dwa ou.

  • Gade bòdwo medikal ou yo byen pou verifye sa ki sou yo a kòrèk e ou te resevwa tretman ki make yo.
  • Verifye bòdwo a se pou ou e li montre non, enfòmasyon asirans, ak adrès faktirasyon kòrèk ou.
  • Mande pwofesyonèl medikal ou yon eksplikasyon ak pawòl klè sou bagay ki sou bòdwo medikal yo ke ou pa konprann.
  • Mande pèseptè dèt yo pou yo verifye dèt la e ba ou enfòmasyon sou pèseptè a ak bòdwo k’ap ankese a.

Pwoteksyon dapre Lwa Pa Bay Sipriz la (No Surprises Act)

Pou tretman ou te resevwa apati de 1ye janvye 2022, ou gen dwa gen pwoteksyon Lwa Pa bay Sipriz la. Pa egzanp, ou pa dwe resevwa bòdwo ou pa t atann pou sèvis dijans ou te resevwa nan men yon pwofesyonèl oswa etablisman medikal si ou pa’t konnen li pa t nan rezo a (an Anglè) anvan ou te vin resevwa bòdwo a.

Si ou pa gen asirans maladi oswa si ou peye pou swen san ou pa sèvi ak asirans maladi ou, pwofesyonèl medikal ou a dwe ba ou yon estimasyon “an bònfwa” de sa swen ou yo pral koute, anvan ou resevwa swen yo. Apre sa, si montan ki sou bòdwo a gen yon diferans omwen $400 anplis estimasyon an, ou gen dwa kapab konteste montan an pase pa pwosesis pou rezoud litij ant pasyan ak pwofesyonèl medikal la (an Anglè).

Opsyon yo pou èd finansye

Si ou pa kapab peye bòdwo a, pale ak pwofesyonèl medikal la. Lopital ki pa gen bi pou fè lajan yo gen obligasyon dapre lalwa pou yo ofri pwogram èd finansye, e gen anpil pwofesyonèl medikal ki dispoze fè aranjman pou peman. Kontakte sèvis sosyal lokal yo oswa sa ki nan eta w lan pou wè si gen plis èd ki disponib.

Ou dwe konnen ki limit pèseptè dèt k’ap kontakte w yo genyen

Pèseptè dèt yo kapab kontakte ou sou dèt valid ou dwe sèlman. Yo pa kapab kontakte ou sou dèt ki pa pou ou oswa ou pa dwe. Ou gen dwa pou w mande yon pèseptè dèt pou li verifye ke ou dwe dèt la e ke li pou ou.

Si bòdwo medikal la pou ou, li kòrèk, e ou dwe lajan an, ebyen pèseptè dèt yo kapab kontakte ou pou eseye rekipere li. Yo gen dwa asiyen ou pou jwenn lajan an—e si yo genyen pwosè a, yo ta ka sezi salè ou oswa mete yon dwa retansyon sou kay ou. Men, yo dwe obeyi lwa ki aplikab yo pou rekouvreman dèt, tankou evite pèsekite ou oswa abize ou ak apèl yo, epi respekte kondisyon yo lè y’ap rapòte dèt la bay konpayi rapò sou konsomatè yo (an Anglè). Yo pa kapab rele ou nenpòt ki lè, e ou gen dwa di yo pou yo sispann kontakte ou.

Si w ap trakase poutèt yon pèseptè dèt ap vyole dwa ou, ou kapab pran mezi pou fè respekte dwa ou.

Jwenn plis enfòmasyon sou dwa ou ak pwoteksyon ou nan zafè rekouvreman dèt (an Anglè)

Reyaji kont rapò kredi k’ap fè presyon sou ou

Pèseptè dèt yo pa gen dwa rapòte yon bòdwo medikal bay konpayi rapò kredi yo san yo pa eseye ankese dèt la nan men ou anvan. Pèseptè dèt yo petèt espere w ap senpleman peye bòdwo a san ou pa konteste li. Men, ou gen dwa konteste enfòmasyon yo.

Gade kijan pou w konteste yon erè nan rapò kredi w lan (an Anglè)

Evite moun malonèt

Pa peye yon moun oswa yon sèvis ki pwomèt l’ap wete bòdwo medikal sou rapò kredi ou oswa l’ap pwoteje ou kont depans medikal ou pa’t atann andeyò rezo w lan. Rete lwen moun ki vle fè ou peye yon avans pou rezoud dèt ou a ak sitiyasyon kredi w lan. Konseye sou kredi ki gen bon repitasyon yo klè sou sèvis yo ak pri yo (an Anglè) e y’ap evite fè presyon sou ou.

Depoze yon plent

Si ou gen yon kesyon sou Lwa Pa Bay Sipriz la oswa ou panse yon moun pa respekte lwa a, ou ka kontakte Sèvis Asistans sou Lwa Pa Bay Sipriz Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid yo (Centers for Medicare & Medicaid Services) nan (800) 985-3059 apati de 8 a.m. jiska 8 p.m. lè lès, sèt jou sou sèt, pou poze yon kesyon oswa depoze yon plent. Ou kapab depoze plent sou entènèt devan Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid yo (an Anglè) tou.

Pou pwoblèm avèk yon pwodui oswa sèvis finansye pou konsomatè, sa gen ladan rekouvreman dèt medikal ak rapò kredi, ou kapab depoze plent devan Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè a (Consumer Financial Protection Bureau, CFPB) (an Anglè).

Sa n’ap fè pou zafè dèt medikal la

Travay nou konsantre sou pwoblèm bòdwo medikal ak rekouvreman yo, depi rapò sou rechèch nou te pibliye an 2014 la. Rechèch nou yo ak rapò a te montre bòdwo medikal ki sou rapò kredi yo reprezante yon mwen bon prediksyon ranbousman kredi pase obligasyon kredi tradisyonèl yo. Bòdwo medikal yo mete sou rapò kredi kapab lakòz mwens posiblite jwenn kredi, plis risk fè fayit, evitman swen medikal, ak difikilte jwenn travay, menm si bòdwo an li menm pa kòrèk oswa se yon erè.

Youn nan bagay nou pi konsantre sou yo se okipe pwoblèm bòdwo medikal ak rekouvreman antan peyi an ap sòti nan pandemi COVID-19 la.

An janvye, nou te pibliye yon bilten k’ap fè pèseptè dèt yo ak konpayi rapò kredi yo sonje obligasyon legal yo (an Anglè) dapre Lwa sou Pratik San Paspouki pou Rekouvreman Dèt yo (Fair Debt Collection Practices Act) ak Lwa sou Rapò Kredi San Paspouki an (Fair Credit Reporting Act) pou bòdwo ki sijè a Lwa Pa Bay Sipriz la, ki pwoteje konsomatè yo kont sèten bòdwo medikal enprevi.

An mas, nou te pibliye yon rapò sou dèt medikal nan Etazini (an Anglè) ki te konkli dosye kredi konsomatè yo gen yon total $88 milya an bòdwo medikal ke yo rapòte (nan mwa jen 2021). Bòdwo medikal yo se bagay ou jwenn pi souvan sou rapò kredi moun e yo parèt sou 43 milyon rapò kredi. Gen apeprè yon fanmi sou senk ki rapòte yo gen bòdwo medikal ki poko peye. Anplis de sa, bòdwo medikal, rekouvreman, ak rapò kredi yo konplèks, twoublan, e yo souvan gen erè. Pasyan yo ak fanmi yo souvan gen difikilte korije erè sa yo.

Prèske touswit apre piblikasyon rapò a, Equifax, Experian, ak TransUnion te fè yon deklarasyon komen (an Anglè) pou anonse yo t ap chanje jan yo rapòte bòdwo medikal sou rapò kredi. Apati de 1ye jiyè 2022, bòdwo medikal ki peye yo p ap parèt sou rapò kredi twa konpayi sa yo pibliye ankò. Y ap rapòte bòdwo ki pa peye sèlman si yo rete san peye pandan omwen 12 mwa. Anplis de sa, konpayi yo te anonse ke kòmanse an jiyè 2023, yo p’ap mete enfòmasyon yo ba yo pou rekouvreman bòdwo medikal pou montan ki pa depase $500.

N’ap kontinye analize konsekans anons sa a.

Join the conversation. Follow CFPB on Twitter and Facebook .