Skip to main content
Credit card key terms (in Haitian Creole)

Mo pi enpòtan yo nan zafè kat kredi

To Enterè anyèl (APR) (Annual percentage rate (APR))

APR la, oswa to entèrè anyèl la, se fason nòmal la pou konpare kantite lajan yon prè koute. Li kite ou konpare pri pwodui prè ki konparab. Konpayi kat kredi w lan dwe di ou sa APR la ye anvan ou dakò sèvi ak kat la.

Pou kalkile APR la, yo konpare to enterè a ak frè yo avèk montan yo prete w la epi yo kalkile yo sou yon peryòd yon ane. Sa pèmèt ou konpare depans yon kat kredi ak yon prè pou remèt pa vèsman sou sis mwa. Se poutèt sa tou APR yo souvan diferan de to enterè senp.


Transfè balans (Balance transfer)

Yon transfè balans kite ou deplase yon balans ki rete ou soti sou yon kat kredi ale sou yon lòt, pafwa pou yon frè. Frè a se nòmalman yon sèten pousantaj nan montan ou transfere a oswa yon montan fiks, kèlkeswa sa ki pi wo a. Gen anpil konpayi kat kredi ki ofri balans transfè ak zewo pousan oswa ak enterè ba pou envite ou konsolide dèt ou sou yon sèl kat kredi. To enterè piblisitè a pou pifò transfè balans yo se pou yon tan limite. Apre sa, to enterè a sou nouvo kat kredi w lan gen dwa monte, sa k ap ogmante montan peman w yo.

Si ou gen plis pase 60 jou reta pou yon peman, konpayi kat kredi an ka ogmante to enterè a sou tout balans yo, sa gen ladan balans ki transfere a.


Balans kredi (Credit balance)

Yon balans kreditè sou relve bòdwo w lan se montan konpayi ki ba ou kat kredi an dwe ou.

Yo ajoute kredi sou kont ou chak fwa ou fè yon peman. Yo ajoute yo tou lè ou remèt yon bagay ou te achte avèk kat kredi oswa poutèt rekonpans ou genyen oswa poutèt erè yo te fè nan yon bòdwo anvan sa. Si total kredi yo depase montan ou dwe a, relve w la ap montre yon balans kredi.

Li plis (ann anglè)


To peryodik jounalye (Daily periodic rate)

Gen konpayi kat kredi ki kalkile enterè sou kont la gras a yon to enterè peryodik jounalye ki, pou kalkile enterè a, sèvi avèk miltiplikasyon to a pa montan ou dwe nan finisman jounen an. Apre sa yo ajoute montan enterè a sou balans lavèy la, sa ki vle di enterè a konpoze chak jou.


Delè gras (Grace period)

Delè gras la se peryòd ant finisman yon peryòd faktirasyon ak dat ou dwe fè peman w lan. Pandan tan sa a, yo gen dwa pa ajoute enterè sou ou depi ou peye tout balans ou a nèt disi dat echeyans la. Konpayi kat kredi yo pa oblije bay delè gras. Men, pifò kat kredi yo ofri delè gras sou acha.

Li plis (ann anglè)


To enterè (Interest rate)

To enterè yon Kat kredi se pri ou peye a pou prete lajan an. Pou kat kredi, yo nòmalman bay to enterè yo sou fòm to pa ane, e yo rele sa to enterè ànyèl la (APR). Sou pifò kat yo, ou ka evite peye enterè sou acha si ou fin peye balans ou nèt chak mwa disi dat echeyans la.


Òf kat kredi pou moun ki preseleksyone (Prescreened credit card offer)

Yon òf kat kredi pou moun ki preseleksyone se lè konpayi kat kredi yo sèvi ak enfòmasyon yo jwenn nan men konpayi rapò sou kredi yo pou fè ou òf kredi fèm si antesedan ou nan zafè kredi respekte kondisyon ke konpayi kat la chwazi yo.

Li plis (ann anglè)


Itilizasyon san otorizasyon (Unauthorized use)

Jeneralman, itilizasyon san otorizasyon se lè yon moun ki pa gen dwa sèvi ak yon kat kredi sèvi avèk li. Paregzanp, si ou pèdi kat ou a epi yon moun jwenn li epi sèvi avè l, sa ap yon itilizasyon san otorizasyon.

Li plis (ann anglè)