Skip to main content
Act fast if you can’t pay your credit cards (in Haitian Creole)

Aji vit si ou pa ka peye kat kredi ou yo

Aji touswit epi rele konpayi kat kredi w lan si ou panse ou pa ka peye peman minimòm nan sou kat kredi w lan.

Gen anpil konpayi kat kredi ki gen dwa dispoze ede ou si w ap fè fas a yon ijans finansye. Ou pa bezwen an reta nan peman ou yo pou mande yo ede ou!

Pa inyore pwoblèm nan

Sa gen dwa lakòz pi gwo pwoblèm toujou, tankou:

  • To enterè pi wo
  • Peman minimòm pi wo
  • Pèdi privilèj sèvi ak kat ou a
  • Frè reta
  • Donmaj nan nòt kredi ou

Men sa pou fè

1. Adisyone lajan ki antre ak sa ou depanse

Chèche fason pou redwi depans yo. Si ou pa ka jwenn ase pou peye peman minimòm ou an, deside konbyen ou ka peye.

2. Rele konpayi kat kredi w lan

Pa bliye eksplike klè:

  • Poukisa ou pa ka peye minimòm nan
  • Montan ou ka peye
  • Lè w ap ka rekòmanse peman nòmal ou yo

3. Reflechi sou pran konsèy sou kredi

Si ou bezwen plis èd, òganizasyon konsèy nan zafè kredi ki pa gen bi fè lajan yo ka montre ou kijan pou w jere lajan ou.

Anvan ou enskri pou konsèy nan zafè kredi, mande si y ap fè ou peye, ki montan, ak ki sèvis y ap ba ou. Konseye nan zafè kredi w lan dwe pran tan aprann sitiyasyon finansye ou, epi ofri ede ou aprann kijan pou w amelyore li.

Pa gen solisyon fasil

Gen konpayi ki fè lajan nan soulaje dèt ki di yo ka ede ou fin peye dèt ou yo “pou yon ti kras lajan.” Men anpil fwa, yo pa kenbe pwomès sa yo. Fè atansyon a tout òganizasyon soulajman dèt ki:

  • Fè ou peye anvan li regle dèt ou yo
  • Garanti li ka fè dèt ou a disparèt
  • Di ou sispann kominike ak pretè yo oswa konpayi kat kredi yo
  • Di ou sispann fè peman sou yon kat kredi oswa yon prè