Skip to main content
Mortgage key terms (in Haitian Creole)

Mo pi enpòtan yo nan zafè prè pou achte kay

Prè ipotekè ak to varyab 5/1 (5/1 Adjustable Rate Mortgage)

Yon prè ipotekè ak to varyab (ARM) 5/1 oswa ARM 5 ane se yon prè pou achte kay kote “5” se kantite ane to enterè inisyal ou a ap rete fiks. “1” an reprezante chak konbyen tan to enterè w lan ap ajiste lè peryòd senk ane inisyal la fini. Peryòd fiks yo itilize pi souvan yo se 3, 5, 7, ak 10 ane epi “1”, se peryòd ajisteman yo itilize pi souvan an. Li enpòtan pou w byen li kontra a epi poze kesyon si w ap reflechi sou pran yon ARM.

Jwenn plis enfòmasyon sou kijan to varyab yo chanje




Règ sou kapasite pou repeye (Ability-to-repay rule)

Règ sou kapasite pou repeye se detèminasyon rezonab ak an bònfwa ke ou kapab remèt prè a ke pifò etablisman prè imobilye yo oblije fè.

Li plis (ann anglè) 




Prè Ipotekè ak To Varyab (ARM) (Adjustable Rate Mortgage (ARM))

Yon prè ipotekè ak to varyab (ARM) se yon kalite prè kote to enterè a ka chanje, nòmalman an relasyon ak yon to enterè endekse. Peman mansyèl ou a ap monte oswa bese yon fason ki depann de peryòd preliminè prè a, de plafon yo pou to a, ak de to enterè endekse a. Avèk yon ARM, to enterè a ak peman mansyèl la gen dwa kòmanse pi ba pase avèk yon prè ipotekè ak to fiks, men ni to enterè a ni peman mansyèl la ka ogmante anpil.

Jwenn plis enfòmasyon sou kijan ARM yo mache ak sa pou w konsidere




Amòtisman (Amortization)

Amòtisman vle di fin peye yon prè avèk letan gras a peman regilye, pou montan ou dwe a ka bese avèk chak peman. Pifò prè pou kay yo amòti, men gen prè ipotekè ki pa fin amòti nèt, sa ki vle di ou toujou dwe lajan lè ou fin fè tout peman ou yo.

Gen prè pou kay ki pèmèt peman ki kouvri sèlman montan enterè ou dwe a, oswa yon montan ki pi ba pase enterè ou dwe a. Si peman yo pi ba pase montan enterè ou dwe a chak mwa, balans prè ipotekè a ap ogmante olye pou li bese. Sa rele amòtisman negatif. Lòt pwogram prè ki pa fin amòti nèt pandan prè a gen dwa egzije ou peye kalanmplanm yon gwo dènye montan pi wo nan finisman peryòd prè a. Ou dwe konnen ki kalite prè w ap resevwa.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis achte kay la




Montan ki finanse a (Amount financed)

Sa vle di montan lajan pretè a ap prete w la, mwens frè davans pretè a ap fè ou peye yo.

Li plis (ann anglè) 




Revni pa ane (Annual income)

Revni pa ane a se yon faktè nan demann prè pou achte kay e li jeneralman vle di revni total ou fè anvan taks pandan yon ane. Revni pa ane a gen dwa gen ladan revni ki soti nan travay a plentan oswa a tan pasyèl, nan travay pou tèt ou, nan poubwa, nan komisyon, nan ovètaym, nan boni, oswa nan lòt sous. Pretè a ap sèvi ak enfòmasyon sou revni pa ane ou epi ak dèt ou deja genyen pou peye chak mwa yo pou detèmine si ou gen kapasite remèt prè a.

Èske wi ou non yon pretè ap konte sou yon sous oswa montan revni an patikilye lè l ap konsidere ou pou yon prè ap souvan depann de si wi ou non ou ka avèk rezon atann ou aske revni an kontinye.

Jwenn plis enfòmasyon sou rezon ki fè kapasite ou pou remèt lajan an enpòtan pou pretè yo




To enterè anyèl (APR) la (Annual Percentage Rate (APR))

To enterè anyèl (APR) la se yon mezi pi jeneral depans ou fè pou yo prete ou lajan pase to enterè a. APR la reflete to enterè a, tout pwen, frè koutye prè pou achte kay, ak lòt frè ou peye pou yo ba ou prè a. Poutèt sa, APR ou a nòmalman pi wo pase to enterè w lan.

Aprann kijan pou konpare APR yo 




Frè evalyasyon (Appraisal fee)

Frè evalyasyon an se pri evalyasyon yon kay ou gen lentansyon achte oswa ki deja pou ou. Evalyasyon yon kay bay yon estimasyon endepandan valè pwopriyete a. Nan pifò ka yo, se pretè w lan k ap responsab chwazi evalyatè a ak tout depans pou sa yo.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis achte kay la




Peman otomatik (Automatic payment)

Peman otomatiik yo kite ou tabli peman regilye sou prè pou achte kay ou a nan bank ou. Peman otomatik yo ka yon fason fasil pou sèten ou fè peman ou yo alè. 




Finansman balon (Balloon loan)

Pou prè pou achte kay, yon finansman balon vle di prè a gen yon peman pi wo pase lòt yo w ap fè yon sèl fwa, nòmalman lè echeyans prè a rive. Peman sa a w ap fè yon sèl fwa a rele “peman balon”, e li pi wo pase lòt peman ou yo, pafwa pi wo lontan. Si ou pa ka peye montan balon an, ou gen dwa oblije refinanse, vann kay ou a, oswa fè fas a sezi.

Jwenn enfòmasyon sou rezon ki fè finansman balon yo ta ka gen risk ladan yo




Peman chak de (2) semèn (Bi-weekly payment)

Nan yon plan peman chak de (2) semèn, konpayi k ap jere peman prè pou achte kay la ap kolekte mwatye peman mansyèl ou a chak de (2) semèn, sa k ap bay 26 peman pandan ane a (ap gen yon peman mansyèl anplis chak ane). Lè ou fè peman anplis epi fè peman ou yo sèvi pou peye kapital la, ou gen dwa kapab fin peye prè ou a bonè. Anvan ou chwazi yon peman chak de (2) semèn, pa bliye gade kondisyon prè w lan pou konnen si w ap gen pou peye penalite poutèt peman davans si ou fè sa. Verifye pou wè si konpayi k ap jere peman prè w la fè peye frè pou plan peman chak de (2) semèn. Ou gen dwa kapab kapab akonpli menm bi an san frè a si ou fè yon peman mansyèl anplis sou prè pou achte kay ou a chak ane. 




Dokiman enfòmasyon sou kloti vant (Closing Disclosure)

Dokiman Enfòmasyon Kloti Vant Kay la se yon fòmilè obligatwa ki gen senk paj ki bay detay final yo sou prè pou achte kay ou chwazi an. Li gen ladan kondisyon prè a, peman mansyèl yo prevwa w ap gen pou fè yo, ak kantite w ap peye nan frè ak lòt depans pou jwenn prè pou achte kay ou a.

Aprann kijan pou w byen verifye tout detay yo sou prè w lan kòrèk sou dokiman enfòmasyon kloti vant kay la




Prè pou konstriksyon (Construction loan)

Yon prè pou konstriksyon se nòmalman yon prè akoutèm ki pote fon pou kouvri depans pou bati oswa pou reyabilite yon kay.

Li plis (ann anglè) 




Prè òdinè (Conventional loan)

Yon prè òdinè se yon prè pou achte kay gouvènman an (tankou nan kad pwogram prè Administrasyon Federal Lojman an (Federal Housing Administration), Depatman Afè Ansyen Konbatan an (Department of Veterans Affairs), oswa Depatman Agrikilti an (Department of Agriculture)) pa ni asire ni garanti.

Jwenn plis enfòmasyon sou prè òdinè ak lòt kalite prè




Kosiyatè oswa ko-anprentè (Co-signer or co-borrower)

Yon kosiyatè oswa ko-anprentè se yon moun ki dakò pran responsabilite total remèt yon prè pou achte kay avè w. Moun nan gen obligasyon peye tout peman ou rate epi menm montan total prè a si ou pa peye. Gen pwogram prè pou achte kay ki wè kosiyatè a kòm yon moun ki pa sou tit la epi ki pa gen okenn enterè pwopriyetè nan kay ki achte gras a prè a. Lè ou gen yon kosiyatè oswa yon ko-anprentè sou prè pou achte kay ou a sa bay pretè w la asirans anplis ke prè a ap remèt. Men w ap mete dosye kredi ak finans kosiyatè oswa ko-anprentè w la an danje si ou pa remèt prè a.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis achte kay la




Istwa krezi (Credit history)

Istwa kredi se yon dosye sou kont kredi ou yo ak abitid ou nan zafè peye alè jan sa parèt nan rapò kredi ou. Ajans ransèyman sou konsomatè yo, yo rele yo tou konpayi rapò kredi, kolekte epi mete ajou enfòmasyon sou dosye kredi ou epi bay lòt biznis yo, pou biznis sa yo ka sèvi avèk yo pou pran desizyon sou ou. Rapò kredi yo gen enfòmasyon sou aktivite kredi ou ak sitiyasyon kredi ou kounye a tankou abitid ou nan peye prè ak eta kont kredi ou yo.

Jwenn plis enfòmasyon sou verifikasyon antesedan ou nan zafè kredi anvan ou achte yon kay




Rapò kredi (Credit report)

Yon rapò kredi se yon relve ki gen enfòmasyon sou aktivite kredi ou ak sitiyasyon kredi ou kounye a tankou abitid ou nan peye prè ak eta kont kredi ou yo. Pretè yo sèvi ak nòt kredi ou ak enfòmasyon ki sou rapò kredi w lan pou detèmine si wi ou non ou kalifye pou yon prè epi ki to enterè pou yo ofri ou.

Aprann kijan pou w jwenn kopi rapò kredi ou




Nòt kredi (Credit score)

Yon nòt kredi predi chans ou pou w remèt yon prè alè. Konpayi yo sèvi ak yon fòmil matematik—yo rele li modèl pwentaj—pou kreye nòt kredi ou apati de enfòmasyon ki nan rapò kredi w lan. Gen diferan modèl pwentaj, donk se pa yon sèl nòt kredi ou genyen. Chak nòt depann de antesedan ou nan zafè kredi, de kalite pwodui prè a, epi menm de jou yo te kalkile li an.

Aprann ki kote ou ka jwenn nòt kredi ou




Pousantaj andètman (Debt ratio)

Pousantaj andètman-revni ou se tout peman dèt mansyèl ou yo divize pa revni mansyèl anvan taks ou. Chif sa a se yon fason pou pretè yo mezire kapasite ou pou w jere peman mansyèl yo pou remèt lajan ou gen lentansyon prete a.

Aprann kijan pou kalkile rapò andètman-revni ou




Tit pwopriyete olye de sezi (Deed-in-lieu of foreclosure)

Yon tit pwopriyete olye de sezi se yon aranjman kote ou volontèman remèt kay ou bay pretè a pou evite pwosesis sezi an. Yon tit pwopriyete olye de sezi gen dwa ede ou evite vin pèsonèlman responsab montan ki rete sou prè pou achte kay la. Si ou rete nan yon eta kote ou responsab tout defisi, ki se diferans la ant valè pwopriyete w la ak montan ou dwe toujou a sou prè pou achte kay ou a, li t a bon pou w mande pretè w la renonse a defisi an. Si pretè a renonse a defisi an, fè li ba ou renonsyasyon an alekri epi kenbe li nan dosye ou. Yon tit olye de sezi se yon kalite limitasyon pèt




Delenkan (Delinquent)

Aryere se yon lòt mo pou di ou an reta nan peman w yo. Prè w lan ka vin delenkan lè ou rate yon peman oswa lè ou pa fè tout peman an disi echeyans la. Lè ou fin aryere pandan yon sèten tan, yon pretè oswa yon konpayi k ap jere peman prè gen dwa kòmanse pwosesis sezi kay la. Kantite tan an ka varye dapre eta a.

Règ federal yo gen dwa aplike tou pou lè sezi kay la gen dwa kòmanse. Jwenn plis enfòmasyon sou opsyon ou genyen yo si ou pa ka peye prè pou achte kay ou a.




Opsyon peyab imedyatman (Demand feature)

Dokiman enfòmasyon sou kloti vant gen yon fraz ki di “Prè w la gen yon opsyon peyab imedyatman” ki make “wi” oswa “non”. Yon opsyon peyab imedyatman kite pretè a egzije pou w remèt prè a pi bonè.

Li plis (ann anglè) 




Akont (Down payment)

Akont la se montan ou peye sou kay la davans. Ou peye yon pousantaj nan valè kay la epi ou fè yo prete ou rès la pase pa prè ipotekè w la. Jeneralman, plis akont ou peye a wo, plis to enterè w ap resevwa a ap ba epi plis w ap gen chans pou yo apwouve ou pou yon prè.

Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w detèmine akont ou a. 




Pwogram oswa sibvansyon pou akont (Down payment programs or grants)

Yon sibvansyon oswa pwogram pou akont nòmalman vle di èd yon òganizasyon tankou gouvènman an oswa yon ajans ki pa gen bi fè lajan, bay yon moun k ap achte kay pou ede li avèk akont pou achte kay la. Fon yo se gen dwa ladan lajan yo fè ou kado oubyen ou gen dwa oblije remèt yo, paregzanp si ou vann kay la.

Konprann ki kote ou ka jwenn enfòmasyon sou pwogram ak sibvansyon pou akont




Depo garanti (Earnest money)

Depo garanti an se yon depo yon moun k ap achte kay peye pou montre bònfwa sou yon kontra siyen pou achte kay. Se yon vandè oswa yon tyès pati tankou yon koutye oswa yon konpayi tit ki kenbe depo a. Si vant kay la finalize oswa “klotire”, depo garanti an gen dwa sèvi ou peye depans kloti yo oswa akont la. Si kontra a anile poutèt yon rezon akseptab, y ap remèt achtè a depo garanti an. Si achtè a pa aji an bònfwa, yo gen dwa sezi depo garanti an epi peye vandè a avèk li.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis achte kay la




Valè san dèt (Equity)

Valè san dèt la se montan pwopriyete w la vo kounye a mwens montan tout prè ipotekè ki genyen sou pwopriyete w la.

Aprann sa yo rele yon prè sou valè san dèt yon kay




Avalwa (Escrow)

Pretè ipotekè a ap tabli yon kont avalwa pou peye sèten depans ki gen pou wè ak pwopriyete a, tankou taks sou pwopriyete ak asirans mèt kay. Gen yon pòsyon nan peman mansyèl ou a ki prale nan kont la. Si ipotèk ou a pa gen kont avalwa, w ap peye depans ki gen pou wè ak pwopriyete a dirèkteman.

Jwenn plis enfòmasyon sou ki konsekans avalwa a genyen sou peman mansyèl prè pou achte kay ou a




Fannie Mae

Asosyason Federal Nasyonal Prè Ipotekè a (Fannie Mae) achte epi garanti prè ipotekè nan men enstitisyon prè yo pou eseye fè prè yo vin pi bon mache. Fannie Mae se pa yon ajans federal. Se yon antrepriz ke gouvènman an parennen sou administrasyon jidisyè pwovizwa Ajans Federal pou Finansman Lojman an (FHFA).

Jwenn plis enfòmasyon sou prè òdinè




Frè pou finansman FHA a (FHA funding fee)

Administrasyon Lojman Federal la (FHA) egzije yon frè pou finansman FHA ak yon prim asirans mansyèl (MIP) pou pifò nan pwogram pou kay endividyèl li yo. Prim asirans prè ipotekè sa a ke ou peye davans, yo rele li pafwa prim asirans prè ipotekè davans (UFMIP).

Chèche konnen si yon prè FHA pou achte kay ap bon pou ou




Prè FHA (FHA loan)

Prè FHA yo se prè nan men pretè prive Administrasyon Lojman Federal la (FHA) kontwole ak asire. Prè FHA yo ka diferan de prè òdinè yo poutèt yo pèmèt nòt kredi pi ba ak akont ki ka desann jiska 3.5 pousan montan prè total la. Montan prè maksimòm yo varye dapre konte a.

Jwenn enfòmasyon sou opsyon prè pou achte kay sa a ak lòt opsyon yo




Limit prè ipotekè FHA yo (FHA mortgage limits)

Limit prè ipotekè FHA yo se montan limit an dola yo pou prè pou achte kay ki kalifye yo ke FHA a pral asire nan kad pwogram prè pou achte kay endividyèl li an. Limit sa yo baze sou adrès epi yo gen dwa revize yo chak ane.

Sèvi ak zouti FHA a pou gade limit prè yo nan konte w la




Chaj finansye (Finance charge)

Chaj finasye a se montan total enterè ak frè kredi ou t ap peye pandan tout dire prè pou achte kay la nèt.

Li plis (ann anglè) 




Pwogram prè pou moun k ap achte kay pou premye fwa (FTHB) (First-time home buyers (FTHB) loan programs)

Moun k ap achte kay pou premye fwa (FTHB) gen dwa sèvi ak yon kantite diferan kalite pwogram prè pou achte premye kay yo a. Pami pwogram prè FTHB popilè yo gen pwogram FHA, VA, USDA, Fannie Mae, ak Freddie Mac ofri yo avèk akont ba. Gen pwogram ki defini yon FTHB kòm yon moun ki pa achte kay depi omwen twa ane.

Konprann opsyon prè ou genyen yo




Prè ipotekè ak to fiks (Fixed-rate mortgage)

Yon prè ipotekè ak to fiks se yon kalite prè pou achte kay kote to enterè a fikse lè ou pran prè a e li p ap chanje pandan dire prè a.

Jwenn plis enfòmasyon sou kijan prè ipotekè ak to fiks yo mache ak sou sa pou w konsidere. 




Delè gras (Forbearance)

Delè gras la se lè konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a kite ou pwovizwaman peye prè w la a yon to pi ba oswa pwovizwaman sispann peye prè pou achte kay ou a. Konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a gen dwa akòde ou delè gras si, pa egzanp, ou fèk pèdi djòb ou, ou viktim yon dezas, oswa ou soufri yon maladi oswa yon donmaj nan kò ou ki ogmante depans pou swen medikal ou. Delè gras la se yon kalite limitasyon pèt.

Jwenn plis enfòmasyon sou delè gras pou peye prè pou achte kay

Dapre kalite prè ou genyen an, gen dwa gen diferan opsyon delè gras. Ou dwe kontakte konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a pou mande delè gras. Sonje w ap gen pou ratrape peman sa yo ou rate yo oswa peman redui sa yo lè peryòd delè gras ou a fini.




Asirans pwoteksyon kolateral (Force-placed insurance)

Konpayi k ap jere prè pou achte kay ou a gen dwa egzije pou w pran asirans pwoteksyon kolateral lè ou pa gen pwòp polis asirans pa ou oswa si pwòp polis pa w la pa respekte egzijans konpayi k ap jere prè w la. Asirans pwoteksyon kolateral nòmalman pwoteje pretè a sèlman, li pa pwoteje ou oumenm. Konpayi k ap jere prè pou achte kay la ap fè ou peye pou asirans la. Asirans pretè a nòmalman pi chè pase lè ou jwenn yon polis asirans poukont ou. 




Sezi kay (Foreclosure)

Sezi kay se lè pretè oswa konpayi k ap jere prè pou achte kay la repran pwopriyete a lè mèt kay la pa fè peman sou prè ipotekè a. Nan sèten eta, pretè a dwe al nan tribinal pou sezi pwopriyete w la (sezi jidisyè), men gen lòt eta ki pa egzije pwosesis nan tribinal (sezi non-jidisyè). Jeneralman, moun ki te pran prè a dwe resevwa avètisman si pretè a oswa konpayi k ap jere prè a kòmanse pwosedi sezi kay. Règ federal yo gen dwa aplike pou lè sezi kay la gen dwa kòmanse. Si w ap trakase poutèt sezi kay, jwenn enfòmasyon sou kijan pou jwenn èd




Freddie Mac

Kòporasyon Federal Prè pou Achte Kay la (Freddie Mac) se yon kòporasyon prive ki jwenn finansman nan men Kongrè a. Misyon li se favorize estabilite ak kapasite peye nan mache lojman an gras a acha prè ipotekè nan men bank yo ak lòt pretè. Kòporasyon an sou administrasyon jidisyè pwovizwa kounye a, sou direksyon Ajans Federal pou Finansman Lojman an (FHFA).

Jwenn plis enfòmasyon sou prè òdinè




Estimasyon an Bònfwa (Good Faith Estimate)

Yon Estimasyon an Bònfwa (GFE) se yon fòmilè yon pretè dwe ba ou lè w ap mande yon prè ipotekè envèse. GFE a bay enfòmasyon debaz sou kondisyon òf prè ipotekè envèse a.

Chèche konnen ki lè ou t ap resevwa yon Estimasyon an Bònfwa




Frè enskripsyon nan rejis gouvènman (Government recording charges)

Frè enskripsyon nan rejis gouvènman yo se frè ajans gouvènman eta ak lokal yo fè peye pou legalman anrejistre tit ou a, prè ipotekè w lan ak dokiman ki gen pou wè ak prè pou achte kay ou a.

Li plis (ann anglè) 




Prè ipotekè pi chè (Higher-priced mortgage loan)

An jeneral, yon prè ipotekè pi chè se youn ki gen yon to enterè ànyèl, oswa APR, pi wo pase yon to referans ki rele To Òf Preferansyèl Mwayen.

Li plis (ann anglè) 




Frè HOA (HOA dues)

Si w enterese nan achte yon kondominyòm, yon koperativ abitasyon, oswa yon kay nan yon lotisman iben oswa nan yon lòt kominote òganize ki gen sèvis pataje, ou nòmalman gen pou peye frè kondominyòm oswa frè Asosyasyon Mèt Kay (HOA). Frè sa yo varye anpil. W ap nòmalman peye frè kondominyòm oswa HOA yo separeman de peman prè pou achte kay ou a. Si ou pa peye frè sa yo, ou gen dwa fè fas a efò rekouvreman dèt nan men asosyasyon mèt kay la oswa menm a sezi kay.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis achte kay la




Evalyasyon kay (Home appraisal)

Yon evalyasyon se yon dokiman ekri ki montre yon opinyon sou valè yon pwopriyete. Evalyasyon an ba ou enfòmasyon itil sou pwopriyete a. Li dekri sa ki ba li valè e li gen dwa konpare li ak lòt pwopriyete ki nan katye a. Yon evalyasyon se yon estimasyon endepandan valè pwopriyete a.

Jwenn plis enfòmasyon sou rezon ki fè evalyasyon yo enpòtan




Liy valè kredi kay (HELOC) (Home equity line of credit (HELOC))

Yon liy valè kredi kkay (HELOC) se yon liy kredi ki kite ou mande prete avèk valè san dèt kay ou a kòm garanti. Valè san dèt la se montan pwopriyete w la vo kounye a, mwens montan tout prè ipotekè ki genyen sou pwopriyete w la. Kontrèman a yon prè sou valè san dèt yon kay, HELOC yo nòmalman gen to enterè varyab. Pou pifò HELOC yo, w ap resevwa chèk espesyal oswa yon kat kredi, epi yo ka prete ou lajan pou yon tan presi apati de lè ou ouvè kont ou a. Peryòd sa a rele “peryòd tiray” la. Pandan “peryòd tiray” la, yo ka prete ou lajan, epi ou dwe fè peman minimòm yo. Lè “peryòd tiray” la fini, yo p ap prete ou lajan nan liy kredi w lan ankò. Lè “peryòd tiray” la fini ou gen dwa oblije fin peye tout balans ou an yon sèl kou oswa yo gen dwa kite ou remèt li sou yon sèten peryòd. Si ou pa kapab remèt HELOC la, pretè a ta ka sezi kay ou a. 




Prè sou valè san dèt yon kay (Home equity loan)

Yon prè sou valè san dèt yon kay (yo rele li pafwa yon HEL) kite ou mande prete lajan avèk valè san dèt kay ou a kòm garanti. Valè san dèt la se montan pwopriyete w la vo kounye a, mwens montan tout prè ipotekè ki genyen sou pwopriyete w la. W ap resevwa tout lajan prè sou valè san dèt kay la yon sèl kou. Yon prè sou valè san dèt yon kay nòmalman gen yon to enterè fiks – to a p ap chanje. Si ou pa kapab remèt HEL la, pretè a ta ka sezi kay ou a. 




Enspeksyon kay (Home inspection)

Enspeksyon yon kay souvan fè pati pwosesis achte kay la. Ou nòmalman gen dwa anboche yon enspektè kay pou li egzaminen yon pwopriyete epi montre pwen fò ak feblès li yo. Li souvan itil anpil pou teste sistèm estriktirèl ak mekanik yon kay, sa gen ladan chofaj, ayerasyon, è kondisyone, ak kouran elektrik.

Aprann kijan pou planifye yon enspeksyon




Asosyasyon pwopriyetè kay (HOA) (Homeowners’ Association (HOA))

Yon asosyasyon mèt kay (HOA), nòmalman fòme pou jere depans tout mèt kay yo patisipe ladan yo tankou amenajman peyizaj ak lòt depans antretyen pou yon lotisman iben oswa yon lòt kominote òganize. HOA kondominyòm yo pran plis reponsabilite, sa gen ladan, pa egzanp, antretyen ale pou oto yo, estriktiti kominotè yo, ak twati yo.

Jwenn plis enfòmasyon sou kijan HOA yo gen dwa parèt sou relve kont prè ipotekè w lan




Asirans pwopriyetè kay (Homeowner's insurance)

Asirans pwopriyetè kay la peye pou pèt ak dega nan pwopriyete w la si gen yon bagay enprevi ki rive, tankou dife oswa si vòlè kase kay la. Lè ou gen yon prè pou achte kay, pretè w la vle sèten pwopriyete w la gen pwoteksyon asirans. Se poutèt sa pretè yo jeneralman egzije prèv ou gen asirans mèt kay. Asirans mèt kay la se pa menm bagay ak asirans prè ipotekè a.
Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis achte kay la




Pri dacha kay (Home purchase price)

Pri dacha yon kay se montan achtè a ak vandè a mete yo dakò sou li an pou yo peye vandè a pou acha kay la.

Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn kay ki bon pou ou a




HUD

Depatman Lojman ak Devlopman Iben an (HUD) se yon ajans gouvènman ki ede moun jwenn ak kenbe lojman bon mache ak bon kalite. Yo fòme ak parennen konseye nan zafè lojman toupatou nan peyi an. Yon ajans konsèy ki gen apwobasyon HUD ka ba ou konsèy sou acha kay pou ede ou konprann ak evalye opsyon ou genyen yo.

Jwenn yon ajans konsèy ki gen apwobasyon HUD




Relve règleman HUD-1 an (HUD-1 settlement statement)

Relve Règleman HUD-1 an bay lis tout frè ak kredi pou achtè a ak vandè a nan yon règleman tranzaksyon imobilye, oswa tout frè ki nan yon refinansman prè ipotekè. W ap resevwa yon HUD-1 si ou te mande yon prè ipotekè envèse pou pi ta nan dat 3 oktòb 2015.

Chèche konnen ki lè ou t ap resevwa yon HUD-1




Endèks (Index)

Endèks la se yon to enterè referans ki reflete kondisyon jeneral yo nan mache a. Endèks la chanje baze sou mache a. Chanjman nan endèks la, ansanm ak maj prè w lan, detèmine chanjman k ap genyen nan to enterè a pou yon prè ipotekè ak to varyab.

Konprann ki wòl endèks la jwe nan to enterè a pou yon prè ipotekè ak to varyab




Plafon ajisteman inisyal (Initial adjustment cap)

Yon plafon ajisteman inisyal nòmalman asosye ak prè ipotekè ak to varyab (ARM). Plafon sa a detèmine a ki pwen to enterè a ka ogmante premye fwa li ajiste a lè peryòd to fiks la ekspire. Sa rive souvan pou plafon sa a swa de (2) swa senk pousan – sa ki vle di nan moman premye chanjman to a, nouvo to a pa ka pi wo ke de (2) (oswa senk) pwen pousantaj pase to inisyal ki te la pandan peryòd to fiks la.

Konprann ki wòl endèks la dwe nan prè ipotekè ak to varyab yo




Depo avalwa inisyal (Initial escrow deposit)

Yon depo avalwa inisyal se montan ou pral peye nan moman kloti an pou kòmanse kont avalwa w lan, si pretè w la egzije li.

Li plis (ann anglè) 




Prè ipotekè ki pa amòti (Interest-only loan)

Yon prè ipotekè ki pa amòti se yon prè ki gen peman planifye ki egzije pou w peye enterè a sèlman pandan yon sèten peryòd.

Li plis (ann anglè) 




To enterè (Interest rate)

To enterè yon prè pou achte kay se pri ou pral peye chak ane a pou jwenn prete lajan an, ki eksprime sou fòm pousantaj. Li pa reflete ni frè ni lòt chaj ou gen dwa gen pou peye pou prè a. Pa egzanp, si prè pou achte kay la se pou $100,000 avèk yon to enterè 4 pousan, konsomatè sa a dakò peye $4,000 chak ane li jwenn prete oswa dwe montan total sa a.

Gade to enterè yo nan zòn ou




Plafon to enterè (Interest rate cap)

Yon plafon to enterè, pafwa yo rele li yon plafon ànyèl, se ogmantasyon maksimòm ki ka genyen sou to enterè a chak ane pou yon prè ipotekè ak to varyab (ARM) menm si to a t ap ogmante plis dapre to enterè mache a. Paregzanp, si plafon sa a se de (2) pousan, nouvo to a pa ka plis pase de (2) pwen pousantaj pi wo pase ansyen to a.

Konprann kijan pretè yo sèvi ak endèks la ak maj la pou ajiste to enterè w lan




Gwo prè (Jumbo loan)

Chak ane Fannie Mae, Freddie Mac, ak regilatè yo a, Ajans Federal pou Finansman Lojman an (FHFA), fikse yon montan maksimòm pou prè yo pral achte nan men pretè yo.

Li plis (ann anglè) 




Asirans tit pou pretè (Lenders title insurance)

Asirans tit pou pretè a pwoteje pretè w la kont pwoblèm avèk tit pwopriyete w la-tankou yon moun ki gen dwa legal sou kay la. Se pretè a sèlman asirans tit pou pretè a pwoteje kont pwoblèm avèk tit la. Pou pwoteje tèt ou, li t a bon pou w achte asirans tit pou mèt kay.

Li plis (ann anglè) 




Plafon ajisteman pou dire prè a (Lifetime adjustment cap)

Plafon ajisteman pou dire prè a nòmalman sèvi avèk prè ipotekè ak to varyab (ARM). Plafon sa a detèmine ki kantite to enterè a ka ogmante ototal, pandan dire prè a. Paregzanp, si plafon sa a se senk pousan, sa vle di to a pa ka janm senk pwen pousantaj pi wo pase to inisyal la. Gen pretè ki gen dwa gen yon lòt plafon oswa yon plafon pi wo.

Konprann ki wòl endèks la dwe nan prè ipotekè ak to varyab yo




Priz an chaj prè ipotekè (Loan assumption)

Gen priz an chaj prè ipotekè lè yon achtè pran larelèv prè pou achte kay yon vandè lè li achte kay vandè a. Achtè a pran balans ki rete nan prè a pou achte kay vandè a, sou kondisyon prè orijinal la—pa egzanp, to enterè ak dire ki rete sou prè pou achte kay la. Yon priz an chaj prè ipotekè gen dwa gen sans lè y ap ofri nouvo prè pou achte kay ak to enterè pi wo pase lè vandè a te pran premye prè pou achte kay li an.

Diferans la ant pri lavant kay la ak balans la sou prè yo pran an chaj la egal montan achtè a dwe peye a, keseswa ak lajan nan pòch li oswa nan pran pwòp prè pou achte kay pa li.

Pou pran larelèv prè pou achte kay la, moun k ap achte kay la dwe kalifye pou priz an chaj prè ipotekè la. Kalifikasyon an nòmalman baze sou egzamen kredi ak revni achtè a, menm jan ak kalifikasyon pou yon nouvo prè pou achte kay.

Priz an chaj prè ipotekè la ka aplike tou lè ou resevwa tit yon pwopriyete ki gen prè pou achte kay sou li – pa egzanp, apre yon lanmò oswa yon divòs.





Ranvwa prè (Loan deferment)

Reklamasyon pasyèl la se yon fason pou sèvi ak asirans prè ipotekè pou ede yon mèt kay ki an difikilte evite yo sezi kay li. Konpayi k ap jere prè pou achte kay la fè yon reklamasyon kont asirans prè ipotekè a pou montan tout peman prè pou achte kay ki pa t peye yo, epi konpayi asirans la mete lajan an sou kote nan yon kont separe. Lè sa a, lè pretè a refinanse prè pou achte kay la, vann kay la, oswa anile prè pou achte kay la yon lòt jan, y ap peye montan reklamasyon pasyèl la bay konpayi k ap jere prè pou achte kay la. Pafwa, montan reklamasyon pasyèl la pa kouvri tout montan peman ki pa t fèt yo, epi nan ka sa yo pretè a dwe peye diferans la.



Estimasyon prè (Loan estimate)

Yon Estimasyon Prè se yon fòmilè twa paj w ap resevwa lè ou fin mande yon prè pou achte kay.

Li plis (ann anglè) 




Modifikasyon prè (Loan modification)

Yon modifikasyon prè pou achte kay se yon chanjman nan kondisyon prè w lan. Modifikasyon an se yon kalite limitasyon pèt. Yon modifikasyon ka redui peman mansyèl ou a rive a yon montan ou ka peye. Nan modifikasyon yo gen dwa gen pwolongasyon kantite ane ou genyen yo pou remèt prè a, rediksyon to enterè w lan, ak/aswa delè gras oswa rediksyon balans kapital ou a. Si yo ofri ou yon modifikasyon prè, ou dwe konnen kijan l ap chanje peman mansyèl ou yo ak montan total w ap dwe a akoutèm epi alontèm.

Jwenn plis enfòmasyon sou modifikasyon prè pou achte kay




Pousantaj valè-prè (Loan-to-value ratio)

Pousantaj valè-prè LTV) se yon mezi ki konpare montan prè pou achte kay ou a ak valè yo evalye pwopriyete a genyen. Plis akont ou a wo, plis LTV w lan ba. Pretè prè pou achte kay yo gen dwa sèvi ak LTV an lè y ap deside si wi ou non y ap prete ou epi lè y ap detèmine si y ap egzije asirans prè ipotekè prive.

Aprann ki relasyon ki genyen ant rapò prè-valè w la ak depans ou yo




Limitasyon pèt (Loss mitigation)

Limitasyon pèt se mezi konpayi k ap jere peman prè pou achte kay la pran pou travay avèk yon moun yo te bay yon prè ipotekè pou evite yo sezi kay la. Limitasyon pèt la se responsabilite yon konpayi k ap jere peman pou achte kay pou li redui oswa “limite” pèt la pou envestisè a, sa ki ka rive poutèt yo sezi kay la. Gen sèten opsyon limitasyon pèt ki gen dwa ede ou rete nan kay ou. Gen lòt opsyon ki gen dwa ede ou kite kay ou san ou pa pase pa sezi. Pami opsyon limitasyon pèt yo gen tit olye de sezi, delè gras, plan ranbousman, lavant ak pèt, oswa yon modifikasyon prè.

Si ou gen pwoblèm fè peman yo pou prè pou achte kay ou a, oswa si yo ofri ou diferan opsyon limitasyon pèt epi w ap reflechi sou yo, kontakte yon ajans konsèy sou zafè lojman ke Depatman Lojman ak Devlopman Iben an (HUD) apwouve.

Ou ka sèvi ak zouti CFPB a “Find a Counselor” (Jwenn yon Konseye) pou jwenn yon lis ajans konsèy nan zafè lojman nan zòn ou ki gen apwobasyon HUD. Ou ka rele Liy asistans pa telefòn HOPE™ la tou, ki ouvè 24 sou 24, sèt jou sou sèt, nan (888) 995-HOPE (4673).




Maj (Margin)

Maj la se kantite pwen pousantaj pretè ipotekè a ajoute sou endèks la pou tabli to enterè w lan sou yon prè ipotekè ak to varyab (ARM) lè peryòd to inisyal la fini. Maj la tabli nan kontra prè w la epi li p ap chanje apre kloti an. Montan maj la depann de pretè ak prè patikilye a.

Konprann ki wòl maj la jwe nan yon prè ipotekè ak to varyab




Depans mansyèl (Monthly expenses)

Se kantite ou depanse chak mwa. Li kapab gen ladan, pami lòt bagay, obligasyon regilye tankou lwaye oswa peman prè pou achte achte, sèvis piblik, peman machin, peman soutnans pou timoun, ak peman asirans, epitou bagay esansyèl tankou manje. Pifò nan obligasyon sa yo gen yon dat echeyans fiks.

Evalye depans mansyèl ou avèk zouti pou suiv depans sa a




Ipotèk (Mortgage)

Yon ipotèk se yon akò ant oumenm ak yon pretè ki kite ou jwenn lajan prete pou achte oswa refinanse yon kay epi ki bay pretè a dwa pou li pran pwopriyete w lan si ou pa remèt lajan ou jwenn prete a.

Si ou pare pou pran yon prè pou achte kay, jwenn plis enfòmasyon sou zafè achte kay la




Lis kontwòl pou kloti sou ipotèk (Mortgage closing checklist)

Yon lis kontwòl kloti prè pou achte kay se yon lis etap ou ka itilize pou pare epi aprann sa pou w atann. Li ka ede ou idantifye kesyon pi enpòtan pou poze davans yo pou w kapab klotire avèk konfyans.

Sèvi ak fèy travay sa a pou pare pou kloti an




Frè kloti sou ipotèk (Mortgage closing costs)

Frè kloti sou ipotèk se tout frè ou pral peye yo nan kloti an. Sa gen ladan komisyon sou prè a, frè evalyasyon, depans rapò kredi, frè asirans tit, ak tout lòt frè pretè w la egzije oswa ki pou peye nan kad yon tranzaksyon prè imobilye. Pretè yo oblije ba ou rezime depans sa yo nan Estimasyon Prè a.

Jwenn plis enfòmasyon sou sa ki fèt nan kloti an




Asirans ipotèk (Mortgage insurance)

Asirans ipotèk la pwoteje pretè a si ou vin an reta nan peman ou yo. Yo nòmalman egzije asirans ipotèk si akont ou an mwens pase 20 pousan valè pwopriyete a. Asirans ipotèk la nòmalman obligatwa tou sou prè FHA ak USDA. Men, si ou gen yon prè òdinè epi akont ou a mwens pase 20 pousan, gen anpil chans pou w gen asirans prè ipotekè prive (PMI).

Konprann kijan asirans prè ipotekè a mache 




Modifikasyon prè pou achte kay (Mortgage loan modification)

Yon modifikasyon prè pou achte kay se yon chanjman nan kondisyon prè w lan. Modifikasyon an se yon kalite limitasyon pèt.

Li plis (ann anglè) 




Refinansman ipotèk (Mortgage refinance)

Refinansman prè pou achte kay la se lè ou pran yon lòt prè pou fin peye ansyen prè ou an nèt epi ranplase li. Rezon ki souvan lakòz refinansman se pou bese to enterè mansyèl la, pou bese peman prè pou achte kay la, oswa pou jwenn prete plis lajan. Lè ou refinanse, ou nòmalman gen pou peye frè ak depans kloti. Si ou refinanse epi ou jwenn yon peman mansyèl ki pi ba, ou dwe konprann ki kantite nan rediksyon an ki soti nan yon to enterè pi ba ak ki kantite ki se poutèt dire prè w la pi long.



Dire ipotèk la (Mortgage term)

Dire prè pou achte kay ou a se kantite tan ou genyen pou w remèt prè a. Pou pifò kalite kay yo, dire prè yo se nòmalman 15, 20 oswa 30 ane.

Eksplore ki opsyon ki genyen pou dire prè




Komisyon sou prè (Origination Fee)

Yon komisyon sou prè se sa pretè a fè moun ki jwenn prè a peye pou li fè prè pou achte kay la. Komisyon sou prè a gen dwa gen ladan travay sou demann nan, emisyon ak finansman prè a, ak lòt sèvis administratif. Komisyon sou prè yo jeneralman ka ogmante nan sèten sikonstans sèlman.

Jwenn plis enfòmasyon sou pri montaj dosye prè a




Asirans tit pwopriyetè (Owner's title insurance)

Asirans tit pwopriyetè ofri pwoteksyon pou mèt kay la si yon moun asiyen li epi di li gen dwa sou kay la depi anvan mèt kay la te achte li.

Li plis (ann anglè) 




Finansman pace (konpetitif) (Pace financing)

Finansman PACE (Konpetitif) la ofri yon fason pou finanse amelyorasyon nan kay pou efikasite enèjetik.

Li plis (ann anglè) 



Reklamasyon pasyèl (Partial claim)

Reklamasyon pasyèl la se yon fason pou sèvi ak asirans prè ipotekè pou ede yon mèt kay ki an difikilte evite yo sezi kay li. Konpayi k ap jere prè pou achte kay la fè yon reklamasyon kont asirans prè ipotekè a pou montan tout peman prè pou achte kay ki pa t peye yo, epi konpayi asirans la mete lajan an sou kote nan yon kont separe. Lè sa a, lè pretè a refinanse prè pou achte kay la, vann kay la, oswa anile prè pou achte kay la yon lòt jan, y ap peye montan reklamasyon pasyèl la bay konpayi k ap jere prè pou achte kay la. Pafwa, montan reklamasyon pasyèl la pa kouvri tout montan peman ki pa t fèt yo, epi nan ka sa yo pretè a dwe peye diferans la.



Ranbousman montan toatal sou ipotèk (Payoff amount)

Ranbousman montan total sou ipotekè w la se kantite w ap gen pou peye toutbon pou satisfè kondisyon prè pou achte kay ou a epi fin peye dèt ou a nèt. Ranbousman montan total sou ipotèk w la diferan de balans ou genyen kounye a. Balans ou genyen kounye a gen dwa pa reflete kantite ou gen pou peye toutbon an pou fin satisfè prè a nèt. Ranbousman montan total sou ipotèk w la gen ladan tou peman tout enterè ou dwe jiska jou ou gen lentansyon fin peye prè w la nèt lan. Ranbousman montan total sou ipotèk gen dwa gen ladan tou lòt frè ou genyen epi ke ou poko peye. 




Lòd PCS (PCS orders)

Militè ki nan sèvis aktif yo gen dwa resevwa lòd chanjman pòs pèmanan (PCS). Lòd PCS yo se deplasman ofisyèl yon militè (ak tout manm fanmi ki rete avèk li) pou ale nan yon lòt lye sèvis. Si militè a se mèt yon kay, li gen dwa chwazi vann li. Si militè a dwe plis sou kay la pase sa kay la vo, li gen dwa gen difikilte vann kay li an. Gen konpayi k ap jere peman prè ki ofri pwogram pou kite militè yo vann kay yo san yo pa gen pou remèt rès balans prè a. Ale sou resous pou militè pou plis enfòmasyon. 




PITI

Kapital, Enterè, Taks, ak Asirans, yo rele yo PITI, se kat eleman debaz yon peman mansyèl sou prè pou achte kay la.

Li plis (ann anglè) 




PMI

Asirans Ipotèk Prive a (PMI) se yon kalite asirans ipotèk ki bon pou pretè w la. Ou gen dwa oblije peye pou PMI si akont ou a mwens pase 20 pousan valè pwopriyete a epi ou gen yon prè òdinè. Ou gen dwa kapab anile PMI an lè ou fin akimile yon sèten kantite valè san dèt sou kay ou a.

Konprann pi byen ki lè PMI an obligatwa 




Frè enterè peye davans (Prepaid interest charges)

Frè enterè peye davans yo se frè ou gen pou peye nan kloti an pou tout enterè jounalye ki akimile sou prè w lan ant dat ou klotire prè pou achte kay ou a ak peryòd ke premye peman mansyèl sou prè pou achte kay ou a kouvri an.

Li plis (ann anglè) 




Penalite sou peman davans (Prepayment penalty)

Yon penalite poutèt peman davans se yon frè sèten pretè fè peye si ou fin peye nèt tout prè pou achte kay ou a oswa yon pati ladan bonè. Si ou gen yon penalite poutèt peman davans, ou te dakò avèk li lè ou te klotire sou kay ou a. Se pa tout prè pou achte kay ki gen penalite poutèt peman davans. 




Kapital (Principal)

Kapital la se montan prè pou achte kay ou gen pou remèt la. Peman mansyèl ou a gen ladan yon pòsyon nan kapital sa a. Lè gen yon peman ki fèt sou kapital la, moun ki jwenn prete lajan an dwe mwens, epi l ap peye mwens enterè baze sou yon gwosè prè pi piti.

Konprann diferans la ant to enterè a ak kapital la




Taks sou pwopriyete (Property taxes)

Taks sou pwopriyete se taks jiridiksyon lokal yo fè peye, nòmalman nan nivo konte a, baze sou valè pwopriyete y ap takse a. Souvan, yo kolekte taks sou pwopriyete yo nan peman mansyèl prè pou achte kay ke mèt kay la fè a, epi apre sa yo peye li bay jiridiksyon ki konsène a omwen yon fwa pa ane. Sa rele yon kont avalwa. Si prè a pa gen kont avalwa, alòs mèt kay la ap peye taks sou pwopriyete a dirèkteman.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis achte kay la




Ipotèk kalifye (Qualified mortgage)

Yon Ipotè Kalifye se yon kategori prè ki gen sèten karakteristik pi estab k ap ede fè sa pi fasil pou w kapab peye prè w lan.

Li plis (ann anglè) 




Demann ekri kalifye (QWR) (Qualified Written Request (QWR))

Yon demann kri kalifye, oswa QWR, se korespondans ekri oumenm oswa yon moun k ap aji nan non ou ka voye pou konpayi k ap jere peman prè pou achte kay ou a. Nan plas yon QWR, ou ka voye yon Avi Erè oswa yon Demann Enfòmasyon pou konpayi k ap jere peman prè pou achte kay ou a tou.

Li plis (ann anglè) 




Plan ranbousman (Repayment plan)

Yon plan ranbousman se yon fason estriktire pou ratrape peman prè pou achte kay ou rate yo sou yon sèten peryòd. Se yon kalite limitasyon pèt. Si ou gen pwoblèm fè peman w yo sou prè pou achte kay ou a, pretè w la oswa konpayi k ap jere peman prè pou achte kay ou a gen dwa kite ou antre nan yon plan ranbousman. Anvan ou antre nan yon plan ranbousman, ou dwe konprann egzijans plan an ak èske wi ou non w ap kapab fè nouvo peman yo. 




Dwa rezilyasyon Reverse mortgage)

Yon ipotèk envèse kite mèt kay ki gen 62 zan pou pi piti jwenn lajan prete sou valè san dèt kay yo a. Sa rele prè ipotekè “envèse” poutèt, olye pou w fè peman bay pretè a, w ap resevwa lajan nan men pretè a. Lajan ou resevwa a, ak enterè yo mete sou prè a, ogmante balans prè w la chak mwa. Yo rele pifò prè ipotekè envèse ki genyen kounye a HECM, ki se akwonim Prè Ipotekè Konvèsyon.

Chèche konnen sa ou dwe konsidere anvan ou mande yon prè ipotekè envèse




Dwa rezilyasyon (Right of rescission)

Dwa rezilyasyon an se dwa yon konsomatè genyen pou li anile sèten kalite prè. Si w ap achte yon kay avèk yon prè, ou pa gen dwa anile prè a lè dokiman kloti yo fin siyen. Men, si w ap refinanse yon prè pou achte kay, ou gen jiska minui nan twazyèm jou ouvrab apre tranzaksyon an pou w rezilye (anile) kontra prè pou achte kay la. Delè twa jou a pa kòmanse toutotan ou pa siyen kontra kredi an (yo rele li abityèlman dwedou), resevwa yon fòmilè deklarasyon Verite nan Prè, epi resevwa de (2) kopi yon avi k ap eksplike dwa ou pou w rezilye. 




Dezyèm ipotèk (Second mortgage)

Yon dezyèm ipotèk oswa privilèj ran enferyè se yon prè ou pran avèk kay ou kòm garanti pandan ou toujou gen yon lòt prè avèk kay ou kòm garanti.

Jwenn plis enfòmasyon sou dezyèm ipotèk




Enterè sekirite (Security interest)

Enterè sekirite a se sa ki kite pretè a sezi kay la si ou pa remèt lajan ou te jwenn prete a.

Li plis (ann anglè) 




Kredi vandè (Seller financing)

Kredi vandè a se yon prè moun k ap vann kay w ap achte a fè ou.

Li plis (ann anglè) 




Moun oswa konpayi k ap bay sèvis (Servicer)

Moun oswa konpayi k ap bay sèvis se konpayi k ap voye relve kont prè ipotekè w yo pou ou. Se konpayi k ap jere peman prè pou achte kay ou a ki okipe travay kotidyen jere prè w la tou.

Yon moun oswa konpayi k ap bay sèvis nòmalman fè pase peman prè w lan, reponn kesyon moun ki jwenn lajan prete a, suiv ki kapital ak enterè ki peye, epi jere kont avalwa ou an (si ou gen youn). Konpayi k ap jere peman prè pou achte kay la gen dwa kòmanse pwosesis sezi kay la nan sèten sikonstans moun oswa konpayi k ap bay sèvis gen dwa oswa se gen dwa pa menm konpayi ki te ba ou prè w lan nan kòmansman. 




Ogmantasyon valè ipotèk pataje (Shared appreciation mortgage)

Lè ou pran yon prè avèk pataj ogmantasyon valè kay la, ou dakò bay pretè w la yon pati nan tout ogmantasyon nan valè kay ou a.

Li plis (ann anglè) 




Lavant ak pèt (Short sale)

Yon lavant ak pèt se lè ou vann kay ou pou mwens pase sa ou dwe sou prè pou achte kay ou a. Yon lavant ak pèt se yon lòt chwa apa sezi kay la, men poutèt se yon vant, w ap gen pou kite kay ou a. Si pretè w lan oswa konpayi k ap jere peman prè pou achte kay ou a dakò ak yon lavant ak pèt, ou gen dwa kapab vann kay ou a pou fin peye prè pou achte kay ou a nèt, menm si pri devant la oswa rantre a vin mwens pase balans ki rete sou prè pou achte kay ou a. Yon lavant ak pèt se yon kalite limitasyon pèt. Si ou rete nan yon eta kote ou responsab tout defisi, ki se diferans la ant valè pwopriyete w la ak montan ou dwe toujou a sou prè pou achte kay ou a, li t a bon pou w mande pretè w la renonse a defisi an. Si pretè a renonse a defisi an, fè li ba ou renonsyasyon an alekri epi kenbe li nan dosye ou. 




Ipotèk ak risk (Subprime mortgage)

Lè pretè yo sèvi ak mo sa yo, yo jeneralman vle di yon pwogram prè pou moun k ap mande prè ki pa kalifye pou prè preferansyèl, epi pwogram sa yo souvan ofri to enterè pi wo.

Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis achte kay la




Apantay (Survey)

Apantay la se yon desen pwopriyete w la ki montre anplasman teren an, kay la ak nenpòt lòt estrikti ki genyen, epitou tout amelyorasyon ki fèt sou pwopriyete a.

Li plis (ann anglè) 




Frè pou sèvis tit (Title service fees)

Frè pou sèvis tit yo fè pati frè kloti ou peye yo lè ou jwenn yon prè pou achte kay. Lè w ap achte yon kay, ou resevwa yon dokiman yo lepli souvan rele papye kay, ki montre vandè a te transfere dwa legal li sou kay la, oswa “tit” kay la ba ou. Frè pou sèvis tit yo se depans ki gen pou wè ak emisyon polis asirans tit la pou pretè a.

Li plis (ann anglè) 




Pousantaj enterè total (TIP) (Total interest percentage (TIP))

Pousantaj enterè total la (TIP) se yon dokiman k ap di ou ki kantite enterè ou pral peye pandan dire prè pou achte kay ou a.

Li plis (ann anglè) 




Total peman yo (Total of payments)

Chif sa a di ou montan total lajan w ap gen pou remèt pandan dire prè pou achte kay ou a.

Li plis (ann anglè) 




TRID

“TRID” se yon akwonim sèten moun itilize pou pale de règ Dokiman Entegre TILA RESPA (TILA RESPA Integrated Disclosure) a.

Li plis (ann anglè) 




Prè USDA (USDA Loan)

Sèvis Lojman Riral la, ki fè pati Depatman Agrikilti Etazini an (USDA) ofri pwogram prè pou achte kay san akont epi ki jeneralman gen to enterè favorab pou moun k ap achte kay andeyò yo epi ki respekte egzijans kalifikasyon USDA yo pou revni.

Jwenn plis enfòmasyon sou sa ak lòt pwogram prè espesyal




Prè VA (VA loan)

Yon prè VA se yon pwogram prè Depatman Afè Ansyen Konbatan an (VA) ofri pou ede militè yo, ansyen konbatan yo, ak mari/madanm sivivan ki kalifye yo, achte kay. Se pa VA a ki fè prè a men li tabli règ yo pou kiyès ki gen dwa kalifye ak pou kondisyon prè pou achte kay la. VA a garanti yon pòsyon nan prè a pou redui risk pèt la pou pretè a. Prè yo jeneralman disponib sèlman pou yon rezidans prensipal.

Si ou se ansyen konbatan, chèche konnen si yon prè VA ap bon pou ou.