Skip to main content
Haitian Creole

Bò kote w nan moman finansye lavi a

Nou se Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè (CFPB), yon ajans gouvènman Etazini ki dedye tèt li fò pou asire ke bank, pretè ak lòt enstitisyon finansye yo trete w san patipri.


Sou paj sa a:


Ap gen plis resous disponib an kreyòl ayisyen pwochènman.

Sijè lajan ak mo pi enpòtan yo

Navige dapre sijè lajan an pou jwenn repons pou kesyon finansye yo poze souvan. Aprann prensip yo, konprann mo pi enpòtan yo, epi jwenn fason pou pase alaksyon lè ou gen yon pwoblèm.

GID

Ou bezwen yon prè pou achte machin? Aprann ki kesyon pou w poze ak kijan pou w pare.

Chache alantou prè otomobil ou

MO PI ENPÒTAN YO

Konprann mo pi enpòtan yo nan zafè prè pou achte machin nan lang kreyòl ayisyen.

Dekouvri mo pi enpòtan yo

GID

Lè w ap chwazi epi itilize kont labank oswa kès depay ou, li enpòtan pou w konn ki opsyon ou genyen.

Lis tchèk pou ouvri yon kont labank oswa kont kredi sendika

Chwazi pwodwi ak sèvis finansye yo


MO PI ENPÒTAN YO

Konprann mo pi enpòtan yo nan zafè kont labank nan lang kreyòl ayisyen.

Dekouvri mo pi enpòtan yo

GID

Men kèk resous pou ede ou jere kat kredi ou yo.

Aji vit si ou pa ka peye kat kredi ou yo

MO PI ENPÒTAN YO

Ke w ap chèche yon nouvo kat oswa ke w ap jere youn ou te genyen deja, li itil pou w konprann mo pi enpòtan yo nan zafè kat kredi.

Dekouvri mo pi enpòtan yo

GID

Rapò ak nòt kredi ou gen konsekans sou finans ou. Resous nou yo ka ede ou pi byen konprann yo, aprann kòman pou w korije erè yo, ak amelyore dosye kredi ou avèk letan.

MO PI ENPÒTAN YO

Konprann tèm kle yo ki konsène rapò ak nòt kredi yo nan lang kreyòl ayisyen.

Dekouvri mo pi enpòtan yo

GID

Pwoblèm rekouvreman dèt yo ka difisil, men ou gen dwa.

Konnen dwa w lè yon pèseptè dèt rele

MO PI ENPÒTAN YO

Konprann mo pi enpòtan yo nan zafè rekouvreman dèt nan lang kreyòl ayisyen.

Dekouvri mo pi enpòtan yo

MO PI ENPÒTAN YO

Sa ka tiyatwa lè ou pèdi lajan oswa pwopriyete akòz fwòd ak eskwokri. Lè w konprann mo pi enpòtan yo nan lang kreyòl ayisyen sa ka ede w evite, rekonèt, ak rapòte eskwokri ak fwòd.

Dekouvri mo pi enpòtan yo

KISA POU W FÈ SI OU PANSE OU VIKTIM ESKWOKRI

Si ou sispèk eskwokri, gen kèk mezi enpòtan ou dwe pran touswit.

  1. Kontakte biwo lapolis oswa cherif ki pi pre w la pou rapòte eskwokri a.
  2. Kontakte pwokirè jeneral eta w lan. Ale sou sit entènèt National Association of Attorneys General (Asosyasyon Nasyonal Pwokirè Jeneral)  la pou jwenn kowòdone pwokirè jeneral chak eta.
  3. Si viktim lan se yon granmoun aje oswa yon moun ki gen andikap, kontakte ajans sèvis pwoteksyon granmoun ki pi pre w la. Ou ka jwenn ajans eta oswa lokal ou a ki resevwa rapò sou eksplwatasyon finansye yo sispèk yo fè sou granmoun aje epi ki fè envestigasyon sou yo sou entènèt nan Eldercare Locator (Endèks Ajans pou Swen Moun Aje a)  oswa nan nimewo (800) 677-1116.
  4. Si oumenm oswa yon moun ou renmen se viktim fwòd, eskwokri oswa eksplwatasyon finansye, ou ka depoze plent  devan Komisyon Federal Komès la (Federal Trade Commission).


Pwiske tout eskwokri pa menm, ou gen dwa oblije kontakte plizyè lòt ajans lokal, eta, ak federal dapre sitiyasyon w lan. Gade gid sa a sou jesyon lajan lòt moun pou jwenn plis enfòmasyon sou eksplwatasyon finansye ak eskwokri.

GID

Ou gen opsyon pou jere bidjè ou ak pwoteje finans ou pou sizoka ou ta gen ijans.

GID

Ke w ap reflechi pou achte yon kay, ke ou gen pwoblèm pou peye ipotèk ou, nou gen resous pou ede ou nan chak etap.


MO PI ENPÒTAN YO

Konprann mo pi enpòtan yo nan zafè ipotèk nan lang kreyòl ayisyen.

Dekouvri mo pi enpòtan yo

Si w ap voye lajan nan yon lòt peyi, ou jeneralman gen pwoteksyon federal.

Aprann sa ou ka atann ak ki dwa ou genyen

Voye lajan aletranje avèk plis konfyans


Depoze plent pou yon pwodwi oswa sèvis finansye

Chak semèn nou voye plis pase 10,000 plent sou pwodwi ak sèvis finansye pou konpayi yo reponn. Si se yon lòt ajans k ap pi byen ka ede ou, n ap voye plent ou a ba li epi fè ou konn sa. Pifò konpayi yo reponn nan yon delè 15 jou.

Kijan pou w depoze plent ou an

  • Sou entènèt (an Anglè)
  • Oswa nan telefòn nan (855) 411-2372 pou w jwenn èd nan lang kreyòl ayisyen, ak 180 lòt lang. Yo nòmalman reponn koutfil yo anvan 1 minit pase. Y ap tradwi plent ou nan lang anglè epi voye li pou konpayi an reponn. Lè konpayi an reponn, li nòmalman fè sa nan lang anglè, men ou ka rele nou pou tande yon repons tradwi.

Jwenn repons anvan ou kòmanse ak yon plent

Kounye a n ap aksepte plent pou:

  • Kont kouran ak kont depay
  • Kat kredi
  • Sèvis reparasyon kredi
  • Rapò kredi ak lòt rapò pèsonèl sou konsomatè
  • Rekouvreman dèt
  • Règleman dèt
  • Transfè lajan, lajan vityèl, ak sèvis lajan
  • Ipotèk
  • Prè sou salè
  • Prè pèsonèl tankou prè pou remèt pa vèsman ak prè sou tit
  • Kat peye davans
  • Prè etidyan
  • Prè pou achte machin oswa pou lokasyon machin

Si w pa wè pwodwi oswa sèvis ou vle pote plent pou li an nan lis la, al sou usa.gov pou w jwenn lòt kote ou ka depoze plent yo. Li gen ladan fason pou depoze plent pou konpayi telefòn, entènèt, ak kab epitou konpayi k ap vann lòt pwodwi ak sèvis ak lòt bagay toujou.

Si ou panse ou se viktim eskwokri, gen kèk mezi enpòtan ou dwe pran touswit.

Èske ou eseye kontakte konpayi an? Konpayi yo nòmalman kapab reponn kesyon ki gen pou wè ak sitiyasyon pa w la menm epi ki konsène espesyalman pwodwi ak sèvis yo ofri yo.

Oswa, ou ka chèche repons (nan lang anglè) pou kesyon finansye ke konsomatè yo poze pi souvan.

Anvan ou rele, ekri sa ki rive a:

  • Mete dat enpòtan yo, montan yo, ak kominikasyon ou te genyen ak konpayi an
  • Bay kowòdone konplè konpayi an. Si nou pa ka voye plent la pou konpayi an, n ap fè ou konnen sa ou ka fè apre sa.

Nan telefòn w ap gen pou:

  • Kreye yon kont avèk non ou, adrès imèl ou, ak nimewo telefòn ou
  • Chwazi pwodwi ak pwoblèm w ap plenyen de li an nan yon lis
  • Di nou si ou te eseye ranje pwoblèm nan avèk pwosesis rezolisyon konpayi an
  • Di nou si ou te eseye ranje pwoblèm lan vèk konpayi an
  • Idantifye konpayi w ap plenyen de li an
  • Bay adrès ou
  • Rekonèt enfòmasyon ou bay yo se laverite epi ou konprann CFPB pa ka jwe wòl ni avoka, ni tribinal, ni konseye finansye pou ou.


W ap gen opsyon tou—men ou pa oblije—pou w bay enfòmasyon sou kont ou ak enfòmasyon demografik ou.

  • Nou pral pataje plent ou a ak konpayi an pou li kapab gade pwoblèm ou dekri yo epi reponn sou sa li gen entansyon fè.
  • Si nou pa ka voye plent ou a bay konpayi a pou li reponn, n ap voye l bay yon lòt ajans federal epi fè w konnen.
  • Konfòmeman avèk lwa ki aplikab yo, nou pataje plent ou a avèk sèten ajans leta ak ajans federal pou fasilite bagay ki dekri anba yo, men ka gen plis bagay toujou:
    • sipèvizyon konpayi yo,
    • aktivite pou fè respekte lalwa epi
    • siveyans mache a pou pwodwi ak sèvis finansye pou konsomatè yo.
  • Nou pibliye enfòmasyon doleyans la (san mete detay ki ka idantifye w dirèkteman) nan Bazdone pou Plent Konsomatè (Consumer Complaint Database) nou an.

Plent ou a ap pase pa diferan etap k ap ede ou jwenn repons epi ede nou idantifye pwoblèm nan mache a.

1.OU DEPOZE PLENT LA

Ou depoze yon plent, oswa yon lòt ajans gouvènman transfere plent ou a ba nou. W ap resevwa nouvèl pa imèl epi ou ka verifye nan ki pwen plent ou a ye.

2.EKSPEDISYON

N ap voye plent ou a dirèkteman bay konpayi an pou li kapab egzamine pwoblèm ou mete nan plent ou a. Si nou vin wè se yon lòt ajans gouvènman k ap pi byen ka ede ou, n ap voye plent ou a ba li epi fè ou konn sa.

3.REPONS KONPAYI AN

Konpayi an pral kominike avèk ou si sa nesesè epi l ap reponn pwoblèm ki nan plent ou a. Konpayi yo nòmalman reponn nan yon delè 15 jou. Nan sèten ka, konpayi an ap fè ou konnen l ap travay sou repons li an epi l ap ba ou repons final nan 60 jou.

4.PIBLIKASYON PLENT LA

N ap pibliye enfòmasyon sou plent ou an (san enfòmasyon ki idantifye ou dirèkteman) nan Baz Done Plent Konsomatè (Consumer Complaint Database) piblik la. Si ou dakò n ap pibliye tou deskripsyon ou bay de sa ki te rive a, lè nou fin wete enfòmasyon pèsonèl yo. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan nou bay done sou plent yo.

5.KONTRANDI KONSOMATÈ A

N ap fè ou konnen lè konpayi an reponn. W ap kapab egzamine repons konpayi an epi w ap gen 60 jou pou bay opinyon ou sou repons konpayi an.

Si ou sispèk eskwokri, gen kèk mezi enpòtan ou dwe pran touswit.

  1. Kontakte biwo lapolis oswa cherif ki pi pre w la pou rapòte eskwokri a.
  2. Kontakte pwokirè jeneral eta w lan. Ale sou sit entènèt National Association of Attorneys General (Asosyasyon Nasyonal Pwokirè Jeneral)  la pou jwenn kowòdone pwokirè jeneral chak eta.
  3. Si viktim lan se yon granmoun aje oswa yon moun ki gen andikap, kontakte ajans sèvis pwoteksyon granmoun ki pi pre w la. Ou ka jwenn ajans eta oswa lokal ou a ki resevwa rapò sou eksplwatasyon finansye yo sispèk yo fè sou granmoun aje epi ki fè envestigasyon sou yo sou entènèt nan Eldercare Locator (Endèks Ajans pou Swen Moun Aje a)  oswa nan nimewo (800) 677-1116.
  4. Si oumenm oswa yon moun ou renmen se viktim fwòd, eskwokri oswa eksplwatasyon finansye, ou ka depoze plent  devan Komisyon Federal Komès la (Federal Trade Commission).

Pwiske tout eskwokri pa menm, ou gen dwa oblije kontakte plizyè lòt ajans lokal, eta, ak federal dapre sitiyasyon w lan. Gade gid sa a sou jesyon lajan lòt moun pou jwenn plis enfòmasyon sou eksplwatasyon finansye ak eskwokri.

Temwayaj

Pi ba a w ap jwenn istwa moun menm jan avè w ki te resevwa èd gras a pwosesis CFPB pou depoze plent la. Lè ou pale sa ede nou pi byen konprann pwoblèm w ap konfwonte yo kòm konsomatè.

“Mwen pa ka menm di kantite fwa mwen kriye poutèt finans mwen. Mwen kontakte CFPB poutèt mwen te vrèman bezwen yon lòt moun bò kote mwen. Pa gen anyen mwen t ap fè avèk sèvis prè etidyan prive sa a ki t ap chanje kwakseswa, e mwen te kole nan yon pozisyon ki te parèt sanzespwa. Donk, pou mwen, tout bagay la se te jwenn yon moun ki te kapab fè yon diferans toutbon … chak fwa mwen tande pale de moun ki gen difikilte ak lòt pwoblèm, mwen toujou lonje dwèt mwen nan direksyon CFPB.”

– Dani

"Mwen te pèdi yon apatman poutèt fayit la te toujou parèt sou kredi mwen. Apre dis lane yo, lè fayit la te sipoze pa la ankò, mwen te eseye jwenn yon lòt apatman, men anvan mwen fè demann nan mwen te vle sèten li pa t la ankò--e li te la toujou. Donk mwen kontakte yo. Mwen voye imèl pou yo. Mwen fè plizyè koutfil e yo pa t okipe pwoblèm nan … Mwen t ap reflechi pou kontakte Better Business Bureau a epi yo di pou mwen rele CFPB, e mwen di tèt mwen ban m eseye e mwen rele e mwen te sezi anpil pou jan yo te okipe pwoblèm lan rapid. Anvan de (2) semèn, tout bagay te finalize, te gen yon lèt k ap di li pa la ankò e tout bagay te rezoud sou toude bò yo. Mwen renmen dèske gen yon ajans gouvènman nan nivo federal tankou CFPB k ap reponn epi pwoteje nou konsomatè kont konpòtman enstitisyon finansye yo ki pafwa ap abize nou."

– Jorge