Skip to main content

Sa ki rezève pou Bank of America ak kliyan li yo

Sa pa gen lontan depi CFPB te pran mezi kont Bank of America paske l te vyole lwa federal ki aplikab pou pwodui finansye l yo, ki gen ladan yo kont labank ak kat kredi. Bank lan oblije peye kliyan ki te afekte yo plis pase $100 milyon, plis yon amann $90 milyon ki ale nan fon èd pou viktim (paj anglè) CFPB a ak yon lòt amann $60 milyon l ap peye Biwo Kontwolè Lajan (Office of the Comptroller of the Currency).

Bank of America se dezyèm pi gwo bank nan peyi a. Li gen apeprè 68 milyon kont endividyèl ak kont ti biznis yo louvri ladan l. Si ou se yon kliyan Bank of America, men enfòmasyon ki pou ede ou konprann si w te afekte, ki restitisyon ak ranbousman ou kapab atann, epi ki lòt eleman pou siveye.

Restitisyon ak ranbousman k ap soti nan Bank of America

Kliyan ki koresponn ak deskripsyon ki anba yo kapab jwenn peman nan men Bank of America. Ou pa bezwen fè anyen pou w resevwa lajan an. Gen kèk kliyan ki deja resevwa lajan yo. Ansyen kliyan yo ap resevwa pa yo a nan kourye lapòs.

Kliyan ki gen kont labank yo te fè peye frè ki depase pou ensifizans fon

Pandan plizyè ane, Bank of America te gen yon abitid "fè moun peye doub" sou kont depo ki gen ensifizans fon yo. Sa vle di si yo pa t aksepte yon chèk oswa lòt retrè paske ou pa t gen ase lajan sou kont ou, bank lan kapab te refize fè tranzaksyon an plizyè fwa, pandan li pran yon frè $35 (yo rele frè ensifizans fon, oswa NSF) chak fwa.

Kote kliyan yo ye kounye a: Bank of America te sispann pran tout frè ensifizans fon yo ane pase epi li te remèt plizyè dizèn milyon dola frè bay kliyan ki afekte yo. Sa vle di li posib pou moun ki te peye plizyè frè yo deja resevwa yon pati nan lajan an sou kont labank yo.

Sa k ap pase apresa: Bank of America dwe sispann zafè "fè moun peye doub" la toutbonvre. Bank lan dwe remèt kliyan yo plis pase $80 milyon. Si w se youn nan kliyan sa yo, y ap remèt ou kòb la dirèkteman sou kont ou. Ansyen kliyan Bank of America yo ap resevwa kòb y ap remèt la nan kourye lapòs.

Bank of America ap mete an plas yon sant sèvis kliyantèl apa pou reponn kesyon moun yo te fè peye twòp frè NSF yo. Asire w enfòmasyon ki gen rapò ak kont ou an tou pare, ansanm avèk detay sou jan ou te afekte a, epi apresa rele gratis nan 1-855-729-1764 pou kontakte sèvis kliyantèl la (an Anglè) pou pale sou sitiyasyon pa w la. Ou kapab kontakte yo nan imèl nan NSFinquiry@bofa.com oswa nan kourye lapòs nan P.O. Box 25118, Tampa, FL 33622-5118.

Kliyan ki gen kat kredi yo te pwomèt pou bay pwen rekonpans ak bonis lajan kach

Bank of America te fè piblisite kote li te di l ap bay kliyan ki gen kat kredi yo bonis ak rekonpans, men li pa t rive bay tout moun ki te kalifye yo ni youn ni lòt. Depreferans, bonis ak rekonpans yo te al jwenn kliyan ki te enskri anliy yo sèlman, sila yo ki te enskri nan telefòn oswa fas-a-fas pa t ladan l. Gen kèk nouvo kliyan yo te refize bay bonis enskripsyon yo tou.

Kote kliyan yo ye kounye a: Anpil kliyan ki afekte deja jwenn rekonpans ak pwen bonis yo.

Sa k ap pase apresa: Bank of America oblije di aklè ki moun ki ka epi ki pa ka benefisye òf li anonse yo ak fè pwomosyon pou yo. Si bank lan poko bay pwen ak rekonpans ki kòrèk yo, fòk li mete yo kòmsadwa sou kont moun ki konsène yo.

Kliyan ki pa t bay otorizasyon pou louvri nouvo kat kredi

Depi 2012, Bank of America gen yon pwogram ankourajman lavant pou anplwaye li yo, kote li ba yo rekonpans lè yo rive fè kliyan yo louvri nouvo kont kat kredi. Gen kèk anplwaye ki te louvri kat kredi pou kliyan ki pa t janm aplike pou nouvo kont ni ki pa t janm aksepte pou yo gen nouvo kont. Pa konsekan, li posib pou kliyan yo te peye frè oswa pou yo te fè dega nan dosye kredi yo.

Kote kliyan yo ye kounye a: Bank of America fè kanpe sou pwogram ankourajman lavant ki t ap ankouraje anplwaye yo vyole lalwa. Bank lan deja ranbouse frè pou kèk kliyan ki afekte.

Sa k ap pase apresa: Bank of America dwe sispann louvri kont san otorizasyon kliyan. Epitou, bank lan dwe efase done ki kapab parèt sou dosye kredi pou moun yo te ouvri kont pou yo san otorizasyon yo. Bank lan oblije soumèt yon plan ki idantifye kliyan ki afekte yo epi ki eksplike fason li pral peye kliyan yo oswa remèt yo kòb yo. Nou ap tann plan an rive nan espas 30 jou, epi lè nou bay otorizasyon pou bank lan egzekite l, bank lan dwe remèt kòb yo nan espas yon lane.

Sa ou kapab fè pou rezoud pwoblèm avèk Bank of America oswa lòt konpayi finansyè yo

An jeneral, premye bagay ou kapab fè se eseye rezoud pwoblèm nan dirèkteman avèk enstitisyon finansyè a. Se paske se yo menm ki kapab reponn kesyon sou pwòp pwodui ak sèvis pa yo epi egzamine sitiyasyon inik ou an.

Si pwoblèm nan pa rezoud, lòt bagay ou kapab fè se depoze yon plent (paj anglè) nan CFPB. Pou w depoze li nan telefòn, rele nan (855) 411-CFPB (2372). N ap transfere plent ou an bay konpayi an epi travay pou nou jwenn yon repons pou ou. Pifò konpayi yo reponn plent yo nan espas 15 jou.

Si w okouran de pwoblèm yo paske w se yon anplwaye oswa ansyen anplwaye nan yon konpayi finansyè, ou kapab enfòme nou lè w voye yon imèl nan whistleblower@cfpb.gov. Nou analize chak plent yo depoze.

Join the conversation. Follow CFPB on Twitter and Facebook .