Skip to main content

Èske ou gen pwoblèm pou w voye lajan nan yon lòt peyi?

Ou vini bon kote a. Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè a (Consumer Financial Protection Bureau, CFPB) se yon ajans gouvènman Etazini ki la pou l asire li bank, pretè ak lòt enstitisyon finansye yo trete w san patipri. Nou reglemante konpayi ki fè transfè lajan yo.

Sou paj sa a:

Konnen sa pou w fè anvan

Si ou genyen yon pwoblèm pou w fè yon transfè lajan, kontakte konpayi a touswit.

Nan kèk ka, li posib pou yo remèt ou lajan an oswa ou ka fè yo refè transfè a san w pa peye frè anplis.

Fason pou w anile yon transfè lajan

An jeneral, ou kapab anile yon transfè lajan ou voye aletranje nan espas 30 minit apre w fin voye l. Genyen yon eksepsyon: lè moun k ap resevwa lajan an deja pran l oswa yo deja depoze lajan an sou kont li. Ou p ap peye frè pou w anile transfè a.

Lè ou kontakte konpayi a, asire w pare epi ou genyen tout enfòmasyon ou bezwen yo ki se

  • Non ou, adrès ou, nimewo telefòn ou, ak nimewo kont ou oswa nimewo tranzaksyon w lan
  • Sa k pase—bay eksplikasyon ki klè ak egzak nan mezi ou kapab
  • Sa ou bezwen pou w ka rezoud pwoblèm nan
  • Dokiman oswa imaj ki montre sa k pase a
  • Pa bliye
    • Pinga ou janm pibliye enfòmasyon pèsonèl ou yo ni sou sit medya sosyal yo ni sou sit evalyasyon yo
    • Evite pwopo kolerik, iwonik, oswa menasan
    • Pran nòt ofiyamezi—moun ou pale avèk yo, ki lè w pale avèk yo, epi ki sa yo di ou

Ou gen dwa pou yo mennen ankèt sou pwoblèm ou an

Ou kapab siyale yon pwoblèm ou genyen avèk yon transfè jiska 180 jou apati dat kòb la fin disponib lan, selon dat ki afiche sou resi w la. Fòk konpayi a mennen yon ankèt sou pwoblèm lan nan espas 90 jou apre dat ou te fin mete li okouran an epi fòk li ba w rezilta yo. Nan kèk ka, li posib pou yo remèt ou lajan an oswa ou ka fè yo voye transfè a ankò.

Dekouvri fason CFPB kapab ede ou

Depoze yon plent konsènan yon transfè lajan

Si w te deja eseye kontakte konpayi a epi li pa t rezoud pwoblèm ou an, ou kapab depoze yon plent nan CFPB. Eksplike nou pwoblèm ou genyen an—n ap transfere li bay konpayi a epi n ap travay pou w jwenn yon repons, jeneralman nan espas 15 jou.

Enfòmasyon ou resevwa anvan ou peye epi apre ou fin peye

Lè ou voye lajan nan yon lòt peyi, lwa federal yo jeneralman aplike. Pi ba a genyen kèk egzanp enfòmasyon pifò konpayi transfè yo oblije ba ou anvan w voye lajan an epi apre w fin voye lajan an.

Foto ekran ki montre resi pou yon transfè pou peman ki livre, anvan tranzaksyon an fini. Li montre montan transfè a, frè transfè yo, taks sou transfè a, pri total la. Apre sa li montre to echanj la. Apre sa li montre montan transfè a ak lòt frè yo, ak total la pou moun k ap resevwa li an. Moun k ap resevwa a gen dwa resevwa mwens poutèt frè bank moun k ap resevwa a fè peye yo ak taks etranje yo.

Anvan ou voye lajan an, men sa ou wè jeneralman:

  • Frè total transfè a, ki gen ladan l taks ak frè yo
  • To echanj lan, si sa nesesè
  • Montan total yo ap bay benefisyè a. Pa bliye, bank moun k ap resevwa lajan an kapab fè li peye frè osnon peyi kote moun k ap resevwa lajan an ye a gendwa pran taks pa li tou
  • Piske ou resevwa enfòmasyon sa yo anvan ou voye lajan an, ou kapab ale nan lòt konpayi yo pou w konpare frè transfè yo
Foto ekran ki montre resi pou yon transfè pou peman ki livre, lè tranzaksyon an fini. Li montre dat lajan an ap disponib, montan transfè a, frè transfè yo, taks sou transfè a, ak pri total la. Apre sa li montre to echanj la. Apre sa li montre montan transfè a ak lòt frè yo, ak total la pou moun k ap resevwa li an. Moun k ap resevwa a gen dwa resevwa mwens poutèt frè bank moun k ap resevwa a fè peye yo ak taks etranje yo. Apre sa li montre dwa pou konteste erè, dwa anile pou jwenn ranbousman konplè, ak nimewo telefòn ak sit entènèt pou kontakte si ou gen kesyon oswa plent.

Apre ou fin voye lajan an, men sa ou wè jeneralman:

  • Frè transfè a antou—sou resi yo ba w la, ou ap wè yo ekri "TOTAL" (TOTAL)
  • To echanj, si sa nesesè
  • Montan total yo ap bay benefisyè a—sou resi yo ba w la, ou ap wè yo ekri "TOTAL TO RECIPIENT" (TOTAL KI PRAL JWENN BENEFISYÈ A)
  • Kilè lajan an ap disponib
  • Kisa pou l fè sizoka ta gen yon erè
  • Enstriksyon sou fason pou w egzèse dwa ou pou anile transfè yo
  • Fason pou w poze yon kesyon oswa depoze yon plent pou konpayi a, tankou enfòmasyon sou fason pou w kontakte CFPB ak ajans nan Eta a ki reglemante konpayi an