Skip to main content

Voye Lajan nan Yon Lòt Peyi

Èske w te voye lajan bay fanmi, zanmi, oswa lòt moun k ap viv nan yon lòt peyi? Èske w ap planifye voye lajan aletranje?

Nou se CSFB, yon ajans gouvènman federal nouvo, k ap pwoteje konsomatè epi k ap asire ke pwodwi finansye ak sèvis yo mache byen pou tout moun nan Etazini– ki gen ladann lè w ap voye lajan nan lòt peyi. Nou vle w gen enfòmasyon  ke w bezwen pou pran pi bon desizyon  pou tèt pa w ak fanmi w.

Si w panse w ka gen yon pwoblèm, rele nou nan: (855) 411-2372 epi peze 9.

DWA W YO

Lè w ap voye lajan nan  yon lòt peyi, nan pifò ka yo genyen lòt dwa federal  pou pwoteje w, ki gen ladann yo dwa pa w:

  • Pou gen lajan an livre bay pèsòn deziye a oswa nan adrès biznis kòrèk la.
  • Anvan ou peye, ak apre transfè a fin fèt, w ap jwenn enfòmasyon sou:
    • to echanj la (si gen nenpòt)
    • kèk frè
    • taks
    • kantite lajan ki pral resevwa
  • Anile yon transfè, anjeneral nan lespas 30 minit apre w fin voye l, gratis ticheri.
  • Rapòte yon pwoblèm bay konpayi a nan lespas 180 jou ak fè ankèt sou li. Fòk konpayi a fè ankèt sou pwoblèm lan nan lespas 90 jou ak rapòte rezilta a ba w.
    • Nan sèten ka, ou gen dwa resevwa yon ranbousman oswa transfè a gen dwa fèt ankò.
  • Kontakte CFPB a si w gen pwoblèm lè w ap voye lajan.

Pwoblèm ke yo rapòte souvan bay CFPB

  • Anvan, oswa apre w fin voye lajan, konpayi a pa t ba w:
    • To echanj la (si gen nenpòt)
    • Kèk frè
    • Kantite lajan y ap atann pou livre
  • To echanj la, frè, oswa total kantite lajan yo bay moun k ap resevwa li a pa t endike kòrèkteman sou resi a.
  • Moun k ap resevwa lajan an pa t ka gen aksè ak li nan dat li te dwe resewa l la.
  • Yo te chaje w yon kantite lajan enkòrèk.
  • Moun nan te resevwa yon kantite lajan enkòrèk.
  • Ou kwè ke konpayi an oswa moun nan kote w te voye lajan an te komèt fwod oswa fè mètdam.

Si w panse ke te fè eksperyans avèk yon pwoblèm ki dekri isit la oswa ke nouvo dwa federal ou te vyole, kontakte konpayi a imedyatman. Nan sèten ka, ou gen kapab resevwa yon ranbousman oswa voye transfè a  ankò  gratis ticheri.  Apre sa, rele nou nan (855) 411-2372 epi peze 9 pou Kreyòl Ayisyenepi nou pral kontakte konpayi a.

ANVAN AK APRE

Sa yo ap sèvi kòm kèk egzanp sou enfòmasyon ke yo oblije  pifò konpayi yo ba w anvan ak apre yo voye lajan.

Anvan w peye

Anvan ou voye lajan, ou pral wè:

  • Depans dirèk ou.
  • To echanj la, (si gen nenpòt).
  • Kantite Lajan Total Moun nan Resevwa  (sa vle di, kantite lajan ke y ap  atann ki pou livre).

Apre w fin peye

Apre w fin voye lajan an, ou pral wè:

  • Kilè lajan an pral disponib
  • Kisa pou fè si ta gen yon erè
  • Kijan pou prezante yon plent.
  • To echanj la, (si gen nenpòt).
  • Kantite Lajan Total Moun nan Resevwa (sa vle di, kantite lajan ke y ap atann ki pou livre).
  • Direksyon sou dwa w pou anile transfè.
  • Kijan pou prezante yon plent, ki gen ladann enfòmasyon pou kontakte CFPB a ak, nan kèk ka, yon regilatè leta.

KONPARE PRI

Nou vle w gen tout enfòmasyon ke w bezwen pou w fè desizyon sou konpayi ki pi bon pou w.

Anvan w voye lajan, fòk konpayi yo ba w enfòmasyon sou to echanj la (si gen nenpòt), taks founisè a kolekte, kèk frè, ak kantite lajan ke moun  ki pral resevwa lajan an pral jwenn nan men yo. Kounye a, ou gen dwa chwazi pou pa voye transfè. Ou gen dwa sèvi avèk enfòmasyon sa a pou konpare kantite lajan ke w resevwa nan men plizyè lòt konpayi jan w vle.  Enfòmasyon sa yo pral ede asire ke w chwazi konpayi a k ap sèvi w ak fanmi w byen.

Si w panse w ka gen yon pwoblèm, rele nou nan: (855) 411-2372 epi peze 9.